Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Asistans rapid | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
 


<| Renouvle pou de (2) moun ! | Biwo yo fèmen nan jou ferye - 3 Jiye 2009 |>
<| SunPass Mini | Inisyativ anfavè Etik | Kominike laprès toulòtjou |>

 

 

System Notification for VAB Payments

Due to system maintenance, web payments for VAB Property Tax cannot be processed.  All payments during this maintenance period must be made to the Tax Collector's office by mail or in person. See the office locations here or mailing information below. We apologize for any inconvenience this may cause.

Palm Beach County Tax Collector
P.O. Box 3715
West Palm Beach, FL 33401

.

Renouvle pou 2 depi KOULYE A !

Pèseptè taks Anne Gannon ap pouse devan yon estrateji pou reyalize ekonomi anfavè pwopriyetè resesyon an te fwape fò. Plan ki rele Renouvle pou 2 DEPI KOULYE A ! Aplike pou tout renouvèlman imatrikilasyon veyikil ki dwe fèt ant koulye a ak mwa novanm anvan yo ekspire.

Asanble Lejislatif Leta Florid la te ogmante chaj pou imatrikilasyon veyikil yo. Sa vle di koumanse 1 septanm 2009, chaj imatrikilasyopn veyikil nan Leta Florid ap ogmante apeprè 35% pou rive 60% (selon tip imatrikilasyon an). Chaj sa yo ap finanse bidjè Leta Florid, yo pa reprezante chaj lokal pou Konte Palm Beach.

Renouvle DEPI KOULYE A pou 2 lane pou evite ogmantasyon sa yo jiska pwochen renouvèlman w nan lane 2011. Mèt machin ki sipoze renouvle ant koulye a ak mwa novanm dwe aji anvan 1 septanm pou kapab benefisye ekonomi sa yo.

Klike sou Renouvle pou Plak machin lane 2 si w bezwen plis enfòmasyon.
Pou kapab renouvle pou 2 Depi Koulye a, klike sou bouton ki make Renouvèlman enskripsyon veyikil amotè? Depi koulye a !

 


Biwo yo fèmen pandan jou ferye

Biwo Pèseptè taks la ap fèmen vandredi 3 jiye 2009 pou selebre jou kat jiye a.


Biwo yo ap reyouvri lendi 6 jiye 2009. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou Kalandriye jou ferye pou lane 2009

 



 

Viv lavi w san jamè ralanti grasa SunPass Mini

 

W ap viv lavi w nan vwa eksprès la.
Koulye a, yon vizit nan biwo Pèseptè taks la kapab fè w kontinye vanse. Biwo Pèseptè Taks Konte Palm Beach ap vann depi koulye a SunPass Mini, ki se yon aparèy pou peye dwa pasaj (toll) alavans. Li koute sèlman $4.99, e w ap touche $4.99 an retou sou fòm kredi sou dwa pasaj (toll) lè w ap enskri kat ou.

Rete nan youn nan 6 sikisal pratik nou yo e rekòmanse kouri nan vwa eksprès la grasa SunPass Mini.

 


Inisyativ anfavè Etik

Anvan etik la te yon gwo tit nan laprès, Pèseptè taks Gannon te aplike mezi ki pi estrik pase sa lejislasyon an pèmèt pou pwoteje biwo li kont tou pratik ki kestyonab. Touswit apre li te genyen eleksyon yo nan lane 2006, Pèseptè taks Gannon te aplike yon Politik entèdiksyon kado nan tout ajans la.  28 janvye 2009, Biwo Pèseptè taks la te kolabore avèk Lidèchip Konte Palm Beach pou òganize yon kanpay siyati Pwomès anfavè Etik Konte Palm Beach ak Pèseptè taks la pou tout Biwo a, kote chak anplwaye te dwe siyen pwomès sa a. Se angajman nou fè plis pase pale sèlman osijè etik, lè nou gen pratik ki konfòme yo selon letik pou chak tranzaksyon nou fè. Klike annapre pou kapab jwenn lis detay konsènan inisyativ ak lòt inisyativ toujou Biwo Pèseptè taks la te deside aplike. Kontinye li>

 


Klike la pou kapab wè Politik sou Letik Pèseptè taks Konte Palm Beach la nan yon nouvo fenèt.

Klike la pou kapab wè nouvo Politik ak pwomès anfavè letik la

 

Kominike laprès ki fèk soti :

Pèseptè Taks Anne M. Gannon ap resevwa Pèseptè Taks Eta Florid yo

Kontakte :     Anne Gannon, Pèseptè taks
    Jennifer Mahoney, Direktris Zafè piblik

 

12 jen 2009

 Pèseptè Taks Anne M. Gannon ap resevwa Pèseptè Taks Eta Florid yo

 Pèseptè taks Anne M. Gannon ap òganize Sesyon Egzekitif pou peryòd Prentan Asosyasyon Pèseptè taks Eta Florid la nan dat lendi 15 jen jiska mèkredi 17 jen nan Delray Beach Marriott.  Depi 1992, Sesyon egzekitif FTCA nan peryòd prentan an te ofri pèseptè taks Eta Florid yo opòtinite pou diskite lejislasyon, règlemantasyon onivo lokal, nan tout Eta a ak onivo nasyonal pou amelyore sèvis kontribyab Eta Florid yo yo ap resevwa. ?Tèm pou ane sa a, se Ann rekòmanse fè biznis. Li plis enfòmasyon>

 

 

Peye sou Entènèt
Enfòmasyon kontak

Palm Beach County Tax Collector
301 North Olive Avenue
P O Box 3715
West Palm Beach, FL 33401
561-355-2264

Avi y ap fè antretyen sistèm la

Akòz sèvis antretyen sistèm la ki pwograme chak semèn, nou p ap kapab okipe peman moun fè sou Entènèt yo depi vandredi 8è p.m. rive samdi 5è a.m.
Nou ekskize nou si sa koze w kèk pwoblèm.

Enfòme w!

Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

N ap entrodwi yon nouvo bilten nouvèl trimestriyèl ki rele Konvèsasyon konsesyonè, N ap mete dilè nou yo nan plas chofè a.

Èske w bezwen chanje adrès ou ? Li plis detay >

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Biwo Mobil Boca Raton ap sispann fonksyone
Kliyan ki konn ale nan Biwo Mobil Boca Raton kapab depi koulye a ale nan biwo nou ki byen sitye nan Delray Beach. Biwo Mobil te sispann fonksyone 31 desanm 2008.
Klike la pou jwenn plis enfòmasyon >