 |
|
Anne M. Gannon Pèseptè taks Palm Beach County
|
Anne M. Gannon te eli Pèseptè taks, Palm Beach County an novanm 2006.
Eksperyans pwofesyonèl Madan Gannon ki pa gen parèy li ki alafwa nan sektè prive ak nan sektè piblik, ansanm ak aktivite sivik li, fè li konprann Palm Beach County byen.
Madan Gannon te sèvi sitwayen Distrik 86 nan Chanm Reprezantan Eta Florid pandan sis zan. Kolèg li te onore li lè yo te eli liLidè Demokrat Pro Tempore. Li te sèvi nan Komite Apwopriyasyon pou asirans, swen sante, etik ak eleksyon ansanm ak nan Konsèy pou règleman ak kalandriye. Madan Gannon te fè pati tou nan Komite pou refòm swen sante Medicaid lan.
Madan Gannon te resevwa divès rekonpans pou sèvis lejislatif li. Pa egzanp, Lig Elektè Konsèvatè te nonmen li Miyò Lejislatè pou ane a, Divizyon Sidès Kongrè Juif Ameriken te ba li Pri distinksyon pou akonplisman sivik, Lis donè Chanm Komès Eta Florid, Pri Lidèchip Sosyete meriken kont kansè, epi Asosyasyon nasyonal travè sosyal te nonmen li Miyò Ofisyèl leta ki eli pou ane a. Dènyèman, Konsèy Eta Florid kont vyolans seksyèl te kreye Pri Anne Gannon Fanm vayant yo remèt tout moun ki te fè anpil efò pou pwoteje fanm ak timoun kont vyolans seksyèl.
Madan Gannon te fè pati anpil konsèy kominotè ak komite ki gen ladan Pineapple Grove Main Street, Sant kominotè pou timoun, Manmanm ansante, tibebe ansante ak Fòs travay Delray Beach pou lojman ki bon mache. Koulye a li nan Konsèy Direktè JFK Medical Center ak Èd pou viktim vyolans domestik.
Konpetans Madan Gannon nan biznis, konpetans li nan planifikasyon òganizasyon ak kapasite li pou rezoud pwoblèm fè li se yon lidè ki respekte ak efikas. Apwòch karismatik ak enèji li ki san limit trè enpòtan nan wòl li antan Pèseptè taks Palm Beach County.
|