|
Konstitisyon Eta Florid te mansyone Pèseptè revni pou premye an 1868. Yo te kreye pozisyon an antan yon responsabilite chak Eta genyen nan chak county. Yo te rele li Pèseptè revni, se te kandida gouvènè a te nonmen pou yon manda de(2) zan.
Palm Beach County te kreye kòm 47yèm soudivizyon politik Eta Florid (county) an 1909. Palm Beach County te sèvi tankou Syèj County an lè yo te deplase sant gouvènman li soti Miami rive Juno an 1889. Juno se te syèj county jiska 1899.
An 1885, Pèseptè taks la te tounen yon fonksyonè leta eli elektè lokal yo te chwazi nan chak county. Pèseptè taks la se toujou yon kandida pou tout county a sa ki pèmèt tout elektè nan county a eli ofisye an.
Pèseptè taks se youn nan sèt Ofisye Konstitisyonèl county an ki eli nan tout county a pou sèvi manda kat an epi li pa gen okenn limit pou manda li yo. Bidjè Pèseptè taks la tabli nan yon fason ki endepandan pa rapò ak Komite County a. Se chaj tranzaksyonèl ki finanse bidjè a olye se taks.
Konstitisyon ak Lejislasyon Eta Florid mande pou Pèseptè taks la founi kontribyab ak sitwayen yo anpil sèvis leta. Nan pami sèvis sa yo gen koleksyon ak depans taks ad valorem ak taks ki pa ad valorem, enskripsyon veyikil ak veso, resi taks pwofesyonèl lokal, chaj pou tit pwopriyete yo, chaj pou delivrans pèmi lachas ak lapèch ak taks pou devlopman tourism (taks ki dwe sou yon montan lajan).
Trèz Pèseptè taks te sèvi nan Palm Beach County,ki gen ladan chèf ajans aktyèl la ki se Madan Anne M. Gannon. Yo te eli Madan Gannon pandan eleksyon 2006 novanm yo epi se premye fanm ki sèvi antan Pèseptè Taks Palm Beach County a.
| Non |
Tèm |
Ane |
| John F. Highsmith |
1896 - 1902 |
(anviwon) 6 |
| T. J. Campbell |
1910 - 1920 |
10 |
| Alvin B. Crow |
1921 - 1924 |
3 |
| Roy O. Bannon |
1925 - 1932 |
7 |
| Thomas J. Campbell |
1933 - 1936 |
3 |
| Stetson O. Sproul |
1937 - 1968 |
31 |
| Charles E. McGehee |
1969 - 1972 |
3 |
| Walter H. Bahneman |
1972 - 1973 |
1 |
| Warren H. Kramer |
1973 - 1974 |
2 |
| Allen C. Clark |
1974 - 1991 |
17 |
| John K. Clark |
1991 - 2006 |
15 |
| Peter H. Carney |
2006 - 2006 |
1/2 |
| Anne M. Gannon |
2006 - koulye an |
|
|