Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sant asistans
Kesyon yo mande anpil
Glosè tèm fiskal yo
Pou kapab konprann Fakti ak Avi yo
Randevou fiskal ki enpòtan pou sonje
Lyen ki itil
AKÈY > Sant asistans >

Glosè tèm fiskal yo

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z

Ad Valorem
Yon mo laten ki vle di "anfonksyon valè a," ki refere a taks yo prelve sou labaz valè yon bagay. Taks sou byen reyèl ak pwopriyete byen kòporèl se taks ad valorem yo ye.

Appraisal (Estimasyon)
Valè an dola Estimatè Pwopriyete bay pwopriyete yon moun.  Montan sa a, mwens kèlkeswa egzanpsyon yo, se baz pòsyon ad valorem taks la.

Assessment (Evalyasyon)
Montan yon moun dwe tout bon vre.  Pòsyon ad valorem la baze sou vale taksab byen an, mwens egzanpsyon yo, multipliye pa to mileaj la.

Millage Rate (To mileaj)
To taks ki prelve sou yon mill (1/10 nan  yon santim) oubyen yon dola pou chak mil dola valè taksab.  Yon to taks 30-mill ki prelve kont yon valè taksab ki $100,000 ta pwodui yon dèt fiskal $3,000.

Non-ad valorem taks (Taks ki pa ad valorem)
Se yon evlyasyon ki pa baze sou mileaj ak valè; anjeneral se yon montan fiks dola pa akr, inite lojman, lot, elatriye. (pa egzanp chaj Ajans dechè solid - Solid Waste Authority - ki baze sou kalite pwopriyete a k ap pwodui dechè yo.)

Parcel (Pasèl)
Yon mòso teren ki dekri gewografikman ki gen yon tit pwopriyete pou li.

Nimewo verifikasyon imobilye (Property Control Number)
Yon nimewo ak 17 chif pou idantifye pwopriyete imobilye.

Real property (Byen reyèl)
Teren, imèb ak amelyorasyon.

Tangible Personal Property (Byen mèb kòporèl)
Tout machandiz ak lòt atik valè ki rele akseswa fiks, mèb, machin ak ekipman.  Konsènan taks nan Eta Florid, envantè, veyikil ak machandiz pou kay pa konsidere tankou byen pèsonèl tanjib. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon >

Tax Certificate (Sètifika taks)
Se yon enstriman premye privilèj Pèseptè taks mete anvant grasa yon pwosedi pou prezante miyò òf la pou peye taks ki an reta yo.  Yon sètifika taks ekspire sèt (7) ane apre dat yo te delivre li. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon >

Tax Deed Application (Aplikasyon pou akt adjidikasyon)
Se yon dokiman jiridik detantè yon sètifika taks depoze devan Pèseptè taks la pou mande peman.  Akt adjidikasyon an kapab sèvi pandan de (2) zan koumanse 1 avril nan ane delivrans sètifika taks la.  Si yo pa peye taks yo anvan dat ki fikse pou vant akt adjidikasyon an, Grefye Tribinal la pral vann byen an ba moun ki fè miyò òf la. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon >

Tax Lien (Privilèj fiskal)
Se yon privilèj ki greve yon byen poutèt taks koumanse 1 janvye ane fiskal la.  Taks yo kòmanse dwe depi 1 novanm epi yo peyab anvan 1 avril ane pwochèn lan.

Taxable Property (Byen taksab)
Byen imobilyè ak pwopriyete mèb kòporèl.

Tax Warrant (Manda fiskal) Se yon dokiman jiridik ki kòmande Pèsepte taks la prelve epi vann pwopriyete byen kòporèl yon kontribyab ki pa peye taks sou byen mèb kòporèl li dwe a.

TRIM NOTICE (Truth in Millage) - (Avi TRIM Laverite nan distans)
Yon avi biwo Estimatè pwopriyete a emèt nan mwa Dawout chak ane ki endike taks sou pwoprieyet pou ane sa a ansnam ak pwopozisyon taks sou pwopriyete ki baze sou bidjè tout otorite fiskal yo. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon >

 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >