Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sant asistans
Kesyon yo mande anpil
Glosè tèm fiskal yo
Pou kapab konprann Fakti ak Avi yo
Randevou fiskal ki enpòtan pou sonje
Lyen ki itil
AKÈY > Sant asistans >

Randevou fiskal ki enpòtan pou sonje

Dat taks yo gen yon koulè detèmine jan sa dekri annapre:

Veyikil amotè & Veso/Bato
Byen
Biznis
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch


Janvye
  • 2% rabè pou taks sou pwopriyete. Dat limit pou depoze fòm aplikasyon pou yon repò fiskal devan Pèseptè taks (Janvye 31 apre ane lè yo te evalye taks yo).
  • Anrejistre deklarasyon byen mèb kòporèl yo jiska 1 avril ba Estimatè byen a.
  • Verifye kalifikasyon pou Egzanpsyon sou pwopriyete familyal sou byen reyèl devan Estimatè byen yo (355-2866).
  • Deklarasyon taks mansyèl pou Devlopman touristik ap kòmanse dwe depi 20yèm jou nan mwa ki vini apre kolèk la.
Fevriye
  • 1% rabè pou taks sou pwopriyete.
Mas
  • Montan total ou dwe sou taks sou pwopriyete yo. Notis rapèl nan lapòs. Katriyèm (4yèm) ak dènye peman taks sou pwopriyete a dwe.
  • Tout deklarasyon taks sezonyè pou Devlopman touristik peyab.
Avril
  • 1 avril - dat reta pou tout taks byen reyèl ki poko peye lè sa a y ap ajoute 3% enterè ak chak piblisite sou montan lajan avan taks. 1.5% enterè pa mwa sou taks sou byen mèb kòporèl ap kòmanse. 45 jou anvan 1ye avril, lis kontribyab ki an reta pou peye taks sou byen mèb kòporèl yo ap pibliye. Y ap ajoute frè piblisite, enterè ak chaj rekouvreman sou avi taks an reta a.
  • Fòm aplikasyon pou Plan peman taks sou pwopriyete pa tranch ki peyab pou pwochen plan peman an.
Me
  • 1 me - tretman sètifika taks yo ap kòmanse sou taks byen mèb kòporèl ki an reta.
  • Lis taks sou byen mèb ki an reta ki afiche pandan twa semèn youn dèyèy lòt anvan vant sètifika taks la.
  • Fòm aplikasyon dwe rive 1 Me pou Plan peman pa tranch pou ane pwochèn lan.
Jen
  • Vant sètifika taks pou taks fonsyè an reta pral kòmanse jou ki 1 Jen oswa anvan sa.
  • Premye (1) peman pa tranch lan peyab pou taks sou pwopriyete pou ane sila a. (Si peman sa a pa rive anvan 30 Jen, n ap anile enskripsyon ou nan Plan peman pa tranch lan.)
  • Renouvle veyikil amotè ki pwopriyete yon biznis 5,000 Ibs. ak mwens.
  • Renouvle pèmi estasyonnman ki pou biznis ak òganizasyon.
Jiyè
  • Peye taks pwofesyonèl lokal la 1 Jiyè rive 30 Septanm
  • Pèmi pou peche langous nesesè pou ti sezon 2-jou langous la.
Awout
  • Estimatè byen yo ap voye pwopriyetè byen yo yon Avi TRIM (Truth in Mileage - Laverite nan mileaj) ki esplike kèlkeswa chanjman y ap fè nan to mileaj chak òganizasyon ki prelve taks epi li enfòme mèt byen yo sou valè taksab yo. (Se pa yon fakti li ye, kidonk pa peye)
Septanm
  • Dezyèm (2) peman pa tranch lan peyab pou taks sou pwopriyete ane sila a.
  • Pwopriyetè byen ki ta renmen konteste valè taksab yo oubyen refi oswa anilasyon yon egzanpsyon kapab depoze yon petisyon devan Konsèy Ajisteman Valè (VAB) a. anvan oubyen jou ki 15 Septanm oplita.
Oktòb
  • Taks pwofesyonèl lokal ki pa peye ap tounen taks ki an reta; genyen penalite pou sa.
Novanm
  • Taks fonsyè anyèl sou labaz ane sivil la. 4% rabè otorize pou premye 30 jou yo apre yo fin voye avi yo.
  • Yo voye Fòm pou deklarasyon taks devlopman touristik ba tout kont ki deja egzistan pou ane pwochen an.
Desanm
  • 3% rabè sou taks sou pwopriyete yo pou ane sila a
  • Twazyèm (3) peman pa tranch pou taks sou pwopriyete ki peyab
  • Anrejistre kamyon yo plis pase 5,000 liv, kamyon-remòk, semi-remòk ak otomobil pou lwe ki kapab transpòte nèf oswa plis pasaje
  • Renouvle anrejistreman mezon mobil yo ki sitye nan park pou lokasyon yo.
Mwa dat danivèsè lan
  • Renouvle anrejistreman yo oto prive ki brote pasaje, veso amotè, veyikil plezans, kamyon leje ki peze mwens pase 5,000 liv, ti remòk, motosiklèt ak otomobil ki lwe a lontèm.
  • Renouvle estasyonnman pèmi yo delivre moun endividyèlman.
  • Anrejistreman sa yo pral ekspire a minui jou dat danivèsè moun ki gen pèmi a.
  • Yo aksepte renouvèlman 3 mwa anvan mwa dat danivèsè a.
Kèlkeswa mwa a
  • Achte oubyen renouvle Pèmi lapèch oswa lachas oubyen toulede ansanm pou 12 mwa.
  • Anrejistre veyikil motorize ak veso amotè.
  • Rezève yon Resi ofisyèl taks pwofesyonèl
  • Gen nouvo kont Taks Devlopman touristik ki louvri (tanpri rele 561-355-2726 pou kapab jwenn plis enfòmasyon)
 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >