|
1 janvye 2008
WEST PALM BEACH ? 4 janvye 2008 Lwa Eta Florid sou pwoteksyon pou blesi pèonèl rekòmanse jou 1 janvye 2008. Tout chofè nan Eta Florid dwe achte yon pwoteksyon pou blesi pèsonèl ki omwen $10,000 pou peye fakti swen sante ak pèt salè sizoka yo ta genyen yon aksidan san gade kimoun ki antò. Lwa inisyal la te ekspire jou 1 oktòb 2007 e yo te pwomilge li ankò pandan Sesyon lejislativ espesyal mwa doktòb la.
Si yon detantè kontra asirans manke kontinye asirans PIP li, Eta Florid la kapab revoke pèmi chofè mahcin li ak anrejistreman veyikil li. Nou ankouraje tout chofè machin yo kontakte konpayi asirans yo pou asire asirans sa a kouvri chak veyikil.
Al gade sit wèb Refòm PIP san tò (http://www.myfloridacfo.com/NoFault ) pou kapab jwenn enfòmasyon adisyonèl sou sa ki nesesè konsènan PIP.
Osijè Pèseptè taks Palm Beach County a:
Pèseptè taks Palm Beach se yon biwo Konstitisyon an etabli ki kolekte epi distribye plis pase $3 milya chak ane nan taks ak nan chaj. Biwo Pèseptè taks la:
|