Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Asistans rapid | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Sal pou laprès
Fèy ak done yo
2008 Planifikatè taks ak Gid sèvis
Achiv kominike près
AKÈY > Sal pou laprès > Achiv >

Biwo pèseptè taks Palm Beach County pral diskite konsekans resan aksyon Biwo Ajisteman Valè (VAB) a sou prelèvman taks yo

23 janvye 2007

Pat Poston, Direktè Sèvis fiskal nan Biwo Pèseptè taks Palm Beach County, pral diskite konsekans delè nan pwosesis apèl Konsèy Ajisteman Valè a nan kad Reyinyon espesyal y ap òganize a 3:00pm Madi, 23 janvye 2007.

Estatistik resan yo:

  • Apepre $294,000,000 taks fonsye konsènan ak petisyon yo voye VAB a. Nan kantite sa a, yo peye apepre $232,000,000 epi anviwon $62,000,000 pa peye.
  • Epitou, gen apepre $17,000,000 taks sou byen mèb kòporèl ki konsènan ak petisyon yo voye ba VAB a. Nan montan sa a, yo peye apepre $14,000,000 epi yo peye anviwon $3,000,000.
  • Li enpòtan pou sonje yo prelve taks sou pwopriyete par aryere. Pwosesis prelèvman taks ad valorem ap konsidere ranmase toude taks ki ni aktyèl ni an reta nan selon delè peman ki byen defini.

Konsekans delè a:

Si gen plis delè pou konplete pwosesis apèl VAB a, pral gen konsekans ki annpre yo pou tout kontribyab ak otorite ki prelve taks nan Palm Beach County:

1. Nou pa p kapab fè ranbousman yo ba kontribyab sa yo ki te benefisye yon desizyon favorab VAB a te emèt jiska Pèseptè taks la resevwa lis VAB a dwe sètifye.

2. Kontribyab ki poko peye taks yo men ki te resevwa yon desizyon VAB a te emèt anfavè yo petèt pa p gen dwa peye taks redui sa yo jiskake VAB fin sètifye lis la ba Pèseptè taks la.

3. Yo pa gen dwa fè okenn vant sètifika taks konsènan byen imobilyè an soufrans sou pasèl yo ki konsène nan pwosèsis VAB a. Li enpòtan remake apre pwosesis VAB a ak pwosesis sètifikasyon lis la pou Pèseptè taks la fini, kontribyab yo pral gen trant (30) jou pou peye ak (4%) diskont kat pousan an epi yon lòt trant (30) jou pou peye montan (total) taks mwa Mas la yo dwe a. Kifè delè reta a ki depase 15 mas pral fè Pèseptè taks la pa kapab fè pwoposyon oubyen vann sètifika taks imobilyè ki pa p tounen "an soufrans" jiska ekspirasyon peryòd swasant jou sila a. Reta sa a pral anpeche pwomosyon ak validasyon manda pou taks byen mèb kòporèl ki an soufrans yo.

4. An rezime, tout otorite ki prelve taks ta dwe konsidere apepre $311,000,000 nan revni taks pral siman anreta poutèt pwosesis VAB w pral pran yon ti tan.

Pou kapab jwenn plis enfòmasyon, tanpri rele Pat Poston, Direktè Sèvis fiskal nan (561) 355-2809.

 
Peye sou Entènèt
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Tell Us What You Think >

Enfòme w!

Sign Up pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

Èske w bezwen chanje adrès ou ? Li plis detay >

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>