|
5 mas 2008
Biwo Pèseptè taks nan PBC ap ret fèmen jou 13 mas
WEST PALM BEACH - Mèkredi 05 mas 2008
Jedi 13 mas, tout Biwo Pèseptè taks Palm Beach County ap fèmen a midi pou fòmasyon anplwaye pou kapab sèvi pi byen kliyan nou. Tout biwo yo pral reyouvri vandredi 14 mas a 8è:15. Kliyan ki bezwen fè kèk tranzaksyon kapab sèvi ak sit Wèb nou nan www.taxcollectorpbc.com oswa peye pa telefòn nan nimewo ki annapre sa yo:
Renouvèlman imatrikilasyon:
1-866-467-3639 (GO-RENEW)
Pèmi pou lachas:
1-888-486-8356 (HUNT-FLORIDA)
Pèmi pou lapèch:
1-888-347-4356 (FISH-FLORIDA)
Taks sou pwopriyete:
1-561-355-2266
Taks pwofesyonèl:
1-561-355-2272
Osijè Pèseptè taks Palm Beach County a:
Pèseptè taks Palm Beach se yon biwo Konstitisyon an etabli ki kolekte epi distribye plis pase $3 milya chak ane nan taks ak nan chaj. Biwo Pèseptè taks la:
prelve taks sou pwopriyete pou chak òganizasyon leta lokal ki gen pouvwa pou leve,
sèvi tankou reprezantan li pou administrasyon Resi taks pwofesyonèl yo ak taks pou devlopman tourism,
sèvi Eta a antan ajan Depatman sekirite sou otowout ak veyikil amotè, Depatman Pwoteksyon anviwònman, Komite konsèvasyon pwason ak bèt sovaj epi Depatman revni,
sèvi piblik la antan yon resous edikatif.
|