|
7 mas 2007
Tribinal Apèl Twazyèm Distrik la te pran yon desizyon 21 fevriye, 2007 osijè chaj $15 Depatman Eta Florid pou sekirite otowout ak veyikil motorize faktire a pou delivre yon Pèmi estasyonnman pou moun ki andikape. Poutèt yo te kòmanse yon aksyon devan tribinal poutèt desizyon sa a, Paleman Eta Florid te amande lejislasyon an epi li te elimine chaj $15 pou ranplase li ak yon chaj tretman administratif $1.50 pou kouvri frè pou Pèseptè taks yo kapab delivre Pèmi estasyonnman pou moun ki andikape yo. Lwa konsènan chaj tretman administratif $1.50 obligatwa pou tout Pèseptè taks yo kifè yo blije prelve chaj la.
Tribinal apèl la deklare afirmativman nan desizyon li te emèt 21 fevriye 2007 a, li pa t eksprime okenn opinyon "no opinion" osijè amnnman nan lwa a ki te elimine chaj $15 pou ranplase l ak chaj tretman administratif $1.50 la.
"Kifè, jiskaske Paleman Eta Florid ak Depatman revni Eta Florid chwazi pou elimine chaj gtetman administratif $1.50 la, biwo mwen pa gen lòt chwa pase pou prelve chaj nominal la konfèmeman ak lejislasyon Eta Florid la." se sa Anne Gannon, Peseptè taks Palm Beach County lan te deklare.
Kontakte: Biwo Zafè Piblik (Office of Public Affairs), (561) 355-3934
|