|
19 mas 2007
Tribinal Sikui a te òganize dezyèm sesyon ki te sipoze kòmanse jodi a devan yon dezyèm majistra espesyal Konsèy Ajisteman Valè (VAB) a te nonmen. Rezon poutèt reta sa a se Estimatè byen County a te antame pousuit jidisyè poutèt desizyon VAB a ki te akòde sèten kontribyab yon dezyèm sesyon san yo te bezwen montre "bon rezon" ("good cause").
"Mwen vle evite konfizyon pami kontribyab Palm Beach County yo." se sa Pèseptè taks Anne Gannon te di, "lejislasyon Eta Florid mande pou tout desizyon VAB yo trete yon grenn fwa apre tout sesyon ak dispit yo fin prezante. Ane sa a, VAB a toujou ansesyon epi li pral siman kontinye apre dat pou peman anreta yo ki se 1 avril, 2007."
Pou kapab asiste kontribyab yo, biwo Pèseptè taks Palm Beach County ap bay eksplikasyon konsènan ranbousman, fakti taks ki redui ak total kimilatif sou enterè taks ki pa peye yo pou ane 2006.
1. Kontribyab yo ki te peye taks yo epi ki te resevwa yon rediksyon sou "responsabilite fiskal" yo poutèt petisyon yo te depoze devan VAB a pa p resevwa yon rabousman jiska tout sesyon VAB yo tèmine epi Pèseptè taks la sètifye tout chanjman nan lis fiskal yo jan lejislasyon Eta Florid mande a.
2. Kontribyab yo ki pa t peye taks yo epi ki te resevwa yon rediksyon nan "responsabilite fiskal" yo nan men VAB a pral resevwa yon fakti taks rezize epi yo pral genyen opòtinite pou peye taks yo ak diskont kat pousan (4%) pandan trant (30) jou apre yo fin resevwa nouvo fakti taks la epi y ap benefisye yon lòt trant (30) jou adisyonèl pou peye taks yo selon "montan mwa Mas la" ki endike sou fakti taks revize yo. Menm jan ak pou ranbousman, fakti taks revize yo kapab pa rive nan lapòs anvan sesyon VAB yo fini.
3. Konstribyab yo ki pa t resevwa yon rediksyon nan "responsabilite fiskal" yo poutèt petisyon yo te depoze devan VAB a, epi ki pa t peye taks yo, pral kòmanse akimile enterè sou taks yo pa t peye yo apati 1 avril, 2007.
4. Kontribyab yo ki gen dispit VAB a poko rezoud epi ki poko peye taks yo epi BAB a pa akòde okenn rediksyon kosènan "responsabilite fiskal" yo nan yon dat ki poko rive pral akimile enterè tpi sou taks ane 2006 apati 1 avril, 2007.
Tout moun ki ta swete peye taks sou pwopriyete yo kapan peye yo selon divès metòd, ki gen ladan peman sou entènèt nan www.taxcollectorpbc.com, grasa lapòs nòmal oubyen nan kèlkeswa biwo nou. Ou kapab jwenn enfòmasyon tou nan (561) 355-2266.
Kontakte: Biwo Zafè Piblik (Office of Public Affairs), (561) 355-3934
|