|
20 avril 2007
WEST PALM BEACH - Anne M. Gannon, Pèseptè taks Palm Beach County a, te anonse nouvo orè biwo yo apati 7 jiyè, 2007. Tout biwo yo pral ouvri pou travay apati 8:15 a.m. epi y apfèmen a 5:00 p.m. Inite mobil Pèseptè taks la pral louvri a 9:30 a.m. epi l ap fèmen a 3:00 p.m. nan menm kote yo toujou.
"Nouvo orè sa a non sèlman y ap fè orè sikisal yo vin pi konsistan, men tou sa pral ede nou sèvi plis kliyan chak jou, akòz kliyan yo prefere fè biznis to nan maten olye nan fen jounen an. Nou te konte kliyan yo epi nou pa gen okenn dout chanjman sa a pral benefisye tout sitwayen Palm Beach County." Se sa Anne Gannon te deklare.
Pèseptè taks Palm Beach County gen biwo nan Sant vil West Palm Beach, Lake Worth, Delray Beach, North Palm Beach, Royal Palm Beach ak Belle Glade ansanm ak yon inite mobil. Sitwayen yo kapab fè biznis tou sou sit wèb la ki nan www.pbcgov.com/tax. Si ou bezwen plis enfòmasyon, tanpri rele nimewo sa a: (561) 355-2804.
Kontakte: Biwo Zafè Piblik (Office of Public Affairs), (561) 355-3934
|