|
Madi 22 Me 2007
Yon rapèl Anne M. Gannon, Pèseptè taks Palm Beach County an voye bannou
Si gen taks sou pwopriyete pou ane 2006 ou poko peye, w ap kapab ekonomize lajan si ou peye yo anvan 31 Me, 2007. N ap delivre sètifika taks ak manda fiskal yo pandan mwa Jen.
Y ap vann sètifika taks pou byen imobilyè yo nan vant piblik sou Entènèt nan mwa Jen pou ranplase lajan taks yo ki pa t ranmase anfavè òganziasyon leta yo ki sitye nan Palm Beach County. Vant yon sètifika taks ogmante montan final yo dwe a omwen 10% pou frè ak enterè minimòm.
Lè y ap delivre manda fiskal pou byen mèb kòporèl, yo ajoute enterè ak lòt chaj sou montan taks ki dwe a. Si yo pa peye taks yo, yo kapab sezi byen mèb la epi yo kapab vann li.
Ou kapab vin pèsonèlman pou peye taks ou yo nan adrès sa a:
- Governmental Center: 301 N. Olive Ave., 3rd Floor, West
Palm Beach
- Glades Branch: 2976 State Road 15, Belle Glade
- North County Branch: 3188 PGA Boulevard, Palm Beach Gardens
- Lake Worth Branch: 3551 South Military Trail, Lake Worth
- South County Branch: 501 South Congress Avenue, Delray
Beach
- Royal Palm Beach Branch: 200 Civic Center Way, Royal Palm
Beach
PA BLIYE: OU DWE PEYE TAKS KI ANSOUFRANS (ANRETA) AK KACH, MANDA, CHÈK KI SÈTIFYE, VIRMAN BANKÈ, MANDA POSTAL OZETAZINI OUBYEN YON CHÈK LABANK SÈLMAN.
PÈSEPTÈ TAKS LA DWE RESEVWA PEMAN AN ANVAN 5:00 P.M., JEDI 31 ME, 2007. DAT LAPÒS LA PA P SÈVI KÒM DAT PEMAN AN POU TAKS KI ANRETA YO.
kontakte: Pat Poston, Director, Sèvis taks (561)355-2809 (pou laprès sèlman)
|