|
Paleman Eta Florid te fèk pase divès lwa ki gen pou wè ak Refòm Taks sou pwopriyete pandan sesyon espesyal mwa Jen an. Nan pami lwa sa yo ki te pase te gen Senate Joint Resolution (SJR) 4-B, Refòm taks sou pwopriyete, ki ofri diskont taks sou pwopriyete grasa yon pwojè amannman konstitisyonèl; Pwojè-lwa Chanm reprezantan House Bill (HB) 1-B, Rediksyon ak refòm taks sou pwopriyete, ki mande pou gouvènman lokal yo redui to yo epi pou yo limite kwasans taks sou pwopriyete yo; epi Pwojè-lwa Chanm reprezantan House Bill (HB) 5-B, Eleksyon espesyal, ki prevwa pou yo òganize eleksyon espesyal 29 janvye 2008 pou kapab pèmèt tout votan nan Eta Florid vote sou amannman SJR 4-B pou deside si yo pral entegre nan Konstitisyon Eta a.
Si votè yo apwouve amannman an, amannman sa a pral antre anvigè 29 janvye 2008 epi li pral retwoaktif depi 1 janvye 2008.
HB 1-B, reduio taks county, vil ak distri espesyal yo pandan ane fiskal 2007-08 epi li limite ogmantasyon taks sa yo alavni pou fè koresponn nivo yo ak kwasans ekonomi Eta Florid la. Sèten atik nan pwojè lwa sa a ap antre anvigè sèlman si votè apwouve amannman konstitisyonèl la jou ki 29 janvye 2008.
HB 5-B deside eleksyon espesyal ki prevwa yo pral òganize jou ki 29 janvye 2008.
Pèseptè taks la pa kapab rekòmanse ki apwòch ki pral bon apwòch al pou w ak fanmi w. Mentou, nou pral fè tout sa nou kapab pou asire w ap kapab jwenn enfòmasyon ou bezwen yo pou pran yon desizyon ki rezonab. Resous ki annapre yo disponib:
Jounal Palm Beach Post ofri yon kalkiltris taks ki konpare toulede opsyon taks ki disponib yo. Sit wèb la se: www.palmbeachpost.com.* Pou kapab sèvi ak kalkilatris sa a kòrèkteman, w ap bezwen konnen ni valè taksab NI valè sou mache pwopriyete w. Ou kapab jwenn valè sa yo sou sitwèb Evalyatè Pwopriyete a nan www.pbcgov.com/papa.
Enfòmasyon sou divès lwa Refòm taks sou pwopriyete disponib nan www.flsenate.gov epi www.myfloridahouse.gov.
Nòt espesyal: Pèseptè taks ofri opòtinite pou peye taks sou pwopriyete w an kat (4) peman. Pou kapab patisipe nan plan peman pa tranch lan pou taks sou pwopriyete ane pwochèn yo 2008:
- Estimasyon taks sou pwopriyete w dwe plis pase $100.00.
- Ranpli fòm demann Plan peman pa tranch ou kapab telechaje sou sitwèb nou nan www.taxcollectorpbc.com.
- Tounen fòm demann lan anvan 30 avril 2008 fin pase.
- Ou dwe fè premye peman an nan mwa Jen 2008.
- Enrejistreman nan plan peman pa tranch lan konple lè nou resevwa premye peman an nan biwo Pèseptè taks lan anvan 30 Jen 2008.
- Apre ou fin enskri, ou blije patisipe nan plan an pou tout ane fiskal sa a.
*Pèseptè taks la pa responsab si genyen bagay ki pa kòrèk ki pibliye andeyò biwo sa a.
|