Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Asistans rapid | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Sal pou laprès
Fèy ak done yo
2008 Planifikatè taks ak Gid sèvis
Achiv kominike près
AKÈY > Sal pou laprès >

Antre ofisyèl machin vòt elektwonik yo pandan Eleksyon simile Pèseptè taks la

16 jiyè 2007

Anplwaye biwo Pèseptè taks Palm Beach County an pral "eli" patnè lacahrite ane pwochèn yo grasa machin vòt elektwonik Sipèvizè Eleksyon yo. Y ap òganize Eleksyon yo deside rele pou ri "Jounen Seleksyon", Mèkredi 18 jiyè, koumanse 8:30 am rive 12 pm.

Biwo Pèseptè taks la pral tabli yon patenarya ak biwo Sipèvize Eleksyon yo pou òganize aktivite vòt pandan Jounen Seleksyon an. Chak biwo sikisal ak chak depatman pral geneyn yon ekipman vòt ki disponib pou tout anplwaye yo kapab depoze bilten vòt yo. Anplwaye yo pral dekore zòn vòt yo epi y ap òganize aktivite, tankou dejne babeqyou nan Royal Palm Beach, ak yon dejne pataj nan West Palm Beach, pou selebre Jounen Seleksyon an.

"Mwen kwè li enpòtan pou anplwaye Pèseptè taks la enplike nan kominote yo." Se sa Anne M. Gannon, Pèseptè taks, Palm Beach County a te di nou. Pandan y ap konstui presedan angajman kominotè, anplwaye yo pral chwazi twa òganizasyon karitativ nan twa kategori diferan. Twa kategori yo se "Egzèsis fizik pou yon remèd" (Mach/Kous), "Bay lanmen pou ede" (Amelyorasyon nan kay/Devlopman kominotè), "Pataj trezò nou" (Kolèk ki sible/Kolèk atik).

Anplwaye nan Komite Relasyon kominotè yo te kreye e òganize "Jounen seleksyon" an. Komite a te fè yon sondaj nan òganizasyon an pou kapab detèmine preferans anplwaye yo pou aktivite karitativ yo, yo te kreye opsyon karitativ sou baz kritè yo te defini nan pwosesis sondaj la.

Jim McConnell, Manadjè sikisal, West Palm Beach, te deklare: "Pwosesis Jounen seleksyon nou se yon bon fason pou Biwo Pèseptè taks vin pi vizib nan kominote a nan yon jan sitwayen yo pa t abitye wè nou. Lè n ap chwazi òganziasyon karitativ grasa yon pwosesis vòt, se yon bon fason pou asire chak òganizasyon karitativ jwenn yon plas espesyal nan kè ak nan lespri anplwaye nou yo".

"Nou menm, antan òganizasyon ki sèvi pibil la, nou gen yon konsyans responsabilite sosyal nou tou." Se sa Danielle Dale, youn nan pi gwo Espesyalis Sèvis kliyantèl nou ak manm Komite Relasyon ak kominote a, te di nou.

Madan Gannon te deklare: "Mwen kontan efò sensè anplwaye nou te fè pou kapab òganize yon inisyativ ki sitèlman enpòtan. Aktivite karitativ yo non sèlman yon amelyore kominote yo kote n ap viv ak travay, men yo amelyore moral nan biwo a tou."

Men lis òganizasyon karitativ ki pral ekri sou bilten vòt yo:

Egzèsis fizik pou yon remèd

  • American Heart Association
    GREATER WPB Heart Walk
    09/29/2007
  • American Diabetes Association
    STEP OUT TO FIGHT DIABETES
    10/20/2007
  • Komen South Florida Affiliate
    RACE FOR THE CURE
    1/19/2008

Bay lanmen pou ede

  • Habitat for Humanity
  • Paint Your Heart Out
  • The Lord's Place

Pataje trezò nou

  • Forgotten Soldiers Outreach
  • U.S. Marine Corps Toys for Tots
  • HUGS for KIDS

Pèseptè taks Anne M. Gannon oubyen anplwaye Pèseptè taks yo oswa toulde alafwa disponib pou entèvyou ak laprès.

 

 
Peye sou Entènèt
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >

Enfòme w!

Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

Èske w bezwen chanje adrès ou ? Li plis detay >

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>