Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Asistans rapid | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Sal pou laprès
Fèy ak done yo
2008 Planifikatè taks ak Gid sèvis
Achiv kominike près
AKÈY > Sal pou laprès >

Peman redui pou taks sou pwopriyete disponib

Novanm 1 2007

WEST PALM BEACH ? Avi tak sou pwopriyete yo pral rive nan bwat postal yo jodi a. Kontribyab yo pral genyen posibilite pou peye yon montan ki redui jiska fevriye. Nou kapab resevwa taks sou pwopriyete yo depi 1ye novanm rive 31ye mas. Nou bay rabè poutèt peman bonè jan se dekri annapre:

  • 4% an novanm
  • 3% an desanm
  • 2% an janvye
  • 1% an fevriye

?Nou ankouraje kontribyab yo anpil pou pran avantaj ak rabè yo,? se sa Anne M. Gannon, Pèseptè taks Palm Beach County te di nou. Moun peye 80% nan taks yo pandan mwa novanm ak desanmm, kifè sa kreye anpil anpil aktivite nan biwo Pèseptè taks la.

Tanpri kontakte biwo Pèseptè taks Palm Beach County an nan (561) 355-2266, si ou poko resevwa avi taks sou pwopriyete w an anvan 15 Novanm 2007. Nou pa p akòde okenn rabè an Mas epi taks yo ap vin delenkan (anreta) apati 1ye avril. Men opsyon peman ki disponib yo:

PA LAPÒS: So lapòs la reprezante dat peman an epi li detèmine rabè ki aplikab yo. Sèvi ak anvlòp la ki andedan avi taks ou.

E-CHECK: (sou entyènèt sèlman) san okenn chaj anplis. Vizite sit wèb nou nan www.taxcollectorpbc.com pou kapab jwenn plis esplikasyon.

KAT KREDI: (Telefòn/Sou entènèt sèlman) N apfaktire w yon chaj sèvis 2.2% sou montan an. Vizite sit wèb nou nan www.taxcollectorpbc.com oswa rele (561) 355-2266 pou kapab jwenn plis enfòmasyon.

Madan Gannon te di: ?Kontribyab yo ta dwe pran san yo pou li fakti taks yo ansanm ak kontni siplemantè a. Y ap jwenn enfòmasyon sou dat limit enpòtanm divès opsyon peman ak lòt detay toujou.?

582,396 avi pwopriyete imobilyè ak 57,691 avi byen pèsonèl tanjib te enprime pou ane fiskal 2007. 117 maylz papye te itilize pou enprime avi sa yo (plis pase 2.5 fwa kantite kot Atlantic ki genyen nan Palm Beach County).

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou biwo Pèseptè taksPalm Beach County a, tanpri al gade sit wèb nou nan www.taxcollectorpbc.com.


 
Peye sou Entènèt
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >

Enfòme w!

Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

Èske w bezwen chanje adrès ou ? Li plis detay >

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>