Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Asistans rapid | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Sal pou laprès
Fèy ak done yo
2008 Planifikatè taks ak Gid sèvis
Achiv kominike près
AKÈY > Sal pou laprès > Achiv >

Sit wèb Pèseptè taks la disponib depi koulye nan lang Panyòl k an Kreyòl

Novanm 28 2007

WEST PALM BEACH ? 28 novanm 2007 Sit wèb Pèseptè taks la ki fèk refè tradui koulye an nan lang Panyòl ak an Kreyòl. Vèsyon nan lang Panyòl ak Kreyòl sit wèb la pral disponib pou piblik la apati Jedi 29 novanm.

Biwo resansman Etazini endike plis pase 20% nan popilasyon nan Palm Beach County pale yon lang ki pa Angle. Poutèt deplizanpli nan kliyan nou pale Panyòl ak Kreyòl, nou te desis ajoute tradiksyon an pou yo. Zouti enfòmatif sa a pèmèt jwenn aksè nan anpil enfòmasyon ki pral pèmèt moun ki lakay yo fè biznis ak biwo nou. Itilizatè yo kapab jwenn aksè nan vèssyon an Kreyòl la lè yo peze sou yon bouton ki sou paj dakèy la.

Pèseptè taks Anne M. Gannon esplike ?Prèske yon ka nan kliyan nou pale yon lang ki pa Angle. Objektif nou se founi sèvis kliyantèl ki ekselan ba tout sitwayen Palm Beach County ak òganizasyon leta nou okipe. Nou deside aplike tout pwosede ki fasilite kolèk taks yo nan yon jan ki pratik ak efikas.?

Esplore sit wèb la epi eseye sèvi ak resous e sèvis yo ki rasyonalize epi ki fasil pou itilize nan www.taxcollectorpbc.com .

Osijè Pèseptè taks Palm Beach County a:

Pèseptè taks Palm Beach se yon biwo Konstitisyon an etabli ki kolekte epi distribye plis pase $3 milya chak ane nan taks ak nan chaj. Biwo Pèseptè taks la:

  • prelve taks sou pwopriyete pou chak òganizasyon leta lokal ki gen pouvwa pou leve,
  • sèvi tankou reprezantan li pou administrasyon Resi taks pwofesyonèl yo ak taks pou devlopman tourism,
  • sèvi Eta a antan ajan Depatman sekirite sou otowout ak veyikil amotè, Depatman Pwoteksyon anviwònman, Komite konsèvasyon pwason ak bèt sovaj epi Depatman revni,
  • sèvi piblik la antan yon resous edikatif.

 

 
Peye sou Entènèt
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >

Enfòme w!

Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

Èske w bezwen chanje adrès ou ? Li plis detay >

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>