Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Enfòmasyon
Anne M. Gannon
Kontakte Anne Gannon
Istorik Pèseptè taks
Angajman kominotè
"Koute sa kliyan nou yo ap di"
Fèy enfòmatif Pèseptè taks la
Karyè
AKÈY > Sal pou laprès > Achiv >

Temwayaj sou nouvo modèl sèvis kliyantèl

9.4.07?..Men yon bon bilten nouvèl. Ki ranpli ak enfòmasyon. Mèsi anpil poutèt ou te voye l bannou.

8.30.07?Mèsi poutèt ou te voye bilten nouvèl "Koze sou taks" ou ki sitèlman enfòmtif e enteresan pa imèl. Mwen ta trè kontan kontinye ap resevwa li.

7.28.07?.Mwen fèk resevwa yon apèl politès konsènan Sikisal Lake Worth yo te fèmen an. Mwen vle di w mèsi. Mwen panse apèl sa a montre ou fè plis pase sa djòb ou ta dwe ye. Remèsi.

Ayè mwen te rele biwo w epi mwen te sitèlman kontan poutèt sèvis mwen te resevwa a. ??. Sant kominkasyon an te ba mwen tout enfòmasyon mwen te mande yo ansanm ak kèk sijesyon pou ede mwen fè mwens jefò. Nan lemonn aktyèl kote anpil fwa nou pale ak machin, ??. sa merite yon rekonpans.

9.18.07?..M ap ekri pou konplimante youn nan anplwaye ou yo ?..Mwen te genyen anpil difikilte pou ranpli yon apliksyon pou yon sètifika tit. ?..Li te ede mwen anpil e li te trè pasyan. Li te revwa fòm yoan detay avèk mwen epi lè mwen te bay esplikasyon ki pa t aklè, li te esplike mwen sa mwen te dwe fè. Mwen pa ta janm kapab ranpli fòm la si li pa t ede mwen. Mwen konnen asistans sa a trè difisil pou kontre, kifè m ap ekri pou kite w konnen li se yon anplwaye leta ki gen anpil valè.

8.23.07?.Mwen ta renmen eksprime tout rekonesans mwen poutèt ou te okipe zafè sa a tèlman byen ak poutèt tout tan ou te pase avèk mwen nan telefòn. Sa fè mwen genyen koulye an yon eksperyans ak biwo Pèseptè taks Palm Beach County a ki ekselan.

8.17.07?..Apepre 2 mwa anvan sa, mwen te mande enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon plak machin espesyal. ?.. te fè tout sa li te kapab pou asire mwen te resevwa miyò tretman ak sèvis. Mwen te deja anrejistre plis pase 30 veyikil nan Eta Massachusetts ak Florid, men mwen pa t janm resevwa yon sèvis ki te sitèlman pèsonalize.

8.7.07?.Trè enfòmatif, pasyan, sa te ede mwen lè mwen te konsilte sit wèb al. Mwen pa kapab dekri tout sa ki ozitifi yo, tèlman genyen.

8.5.07?.Mèsi anpil poutèt ou te tèlman janti ak taks anreta Hank dwe yo.

6.25.07?.Mwen t ap kite biwo a, ?..lè ??, Sipèvizè Anj lan, te soti nan biwo li epi li te mande m si li te kapab ede mwen. Lòt 2 madanm yo te enfòme li aplikasyon mwen pa t ranpli kòrèkteman. Li te pran li, te ale nan fon biwo a, li te rele doktè a (li te ret tann omwen 15 a 20 minit anvan li te kapab pale ak yon moun) epi li te di li kapab emèt pèmi estasyonman an ba mwen nan 5 minit plizoumwen. Li te ranmase frè yo nan menm epi li te pote papye yo nan kès lan epi li te tounen ak 2 pèmi. Moun sa a se yon bijou li ye!

6.14.07?.Tabpri kite m fè louwanj pou ?? poutèt li te pasyan ak tout jefò li pou ede mwen ak pwoblèm sa a. Mwen konnen trè byen konbyen presyon anplwaye depatman ou genyen pandan sezon fiskal sa a kifè mwen apresye anpil tout tan li te pran pou mwen nan yon fason ki sitèlman pwofesyonèl ak serye.

7.30.07??? te janti, pasyan epi li te bay esplikasyon ki te trè, trè klè pou pwosedi nou dwe suiv yo. Dapre sa mwen t ap obsève pou lòt kolèg biwo li yo, mwen sispèk??.. pa t fè yon pòz travay lè li te sipoze fè yon pòz pou li te kapab ede nou. Mwen pa kapab di ase konbyen nou te apresye asistans??. te bay nou.

 
Dènye nouvèl yo

Annons:
Koumanse 26 septanm 2008 Inite mobil la pral sispann fonksyon nan Jupiter Kontinye li>

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >