|
Èske ou vann machin, woulòt oswa bato w? Èske achtè a te aplike pou pou mete non li sous tit la? Si li pa fè sa, sa kapab yon gwo maltèt pou w, vandè a. Ou kapab evite pwoblèm sa yo si ou ranpli yon fòm HSMV 82050, Avi vant.
Seksyon 319. 22(2), Konstitisyon Eta Florid, di lè ou ranpli fòm sa a, ou kapab evite nenpòt responsabilite sivil pou operasyon yon veyikil amotè, yon woulòt oswa yon bato ou te vann. Anplis ou te ranpli fòm sa a, li rekòmandab pou kenbe yon kopi akt de vant ou (avèk so yon notè de preferans), sètifika tit oswa nenpòt ki lòt dokiman tranzaksyon ki montre ou te vann li.
Tanpri pa bliye: si ou prezante fòm sa a, sa va pèmèt biwo nou aktyalize baz done DMV li pou endike tit konstate pa akt dachiv (title record) pral make ?VANDI?. Sityasyon dwa pwopriyete a sepandan p ap chanje jiska achtè a aplike e resevwa yon sètifika tit.
N ap efase enfòmasyon imatrikilasyon vandè a ki asosye ak tit ki konstate pa akt dachiv la (title record) nan baz done DMV a, kifè sa va ilegal pou veyikil amotè a foksyone sou otowout Eta Florid yo.
|