|
Selon yon lwa Paleman Florid te pase, Pèmi pwofesyonèl lokal chanje non: yo rele koulye an Resi taks pwofesyonèl lokal.
Se Konsèy Komisè County a ki anplwaye Pèseptè taks la pou kolekte Taks pwofesyonèl lokal la. Yo pèsevwa taks la sou tout moun ki gen privilèj genyen yon iznis nan tout peyi a, ki gen ladan minisipalite yo tou. Kèlkèswa moun k ap founi piblik la ak manchandiz oubyen sèvis, menm biznis ki gen yon grenn anplwaye ladan li oubyen ki nan lakay yon moun dwe peye Taks pwofesyonèl lokal la.
Aplikasyon pou Resi taks pwofesyonèl PBCTC 65
Deklarasyon sou sèman pou biznis ki fèt lakay
Konsilte epi peye taks pwofesyonèl ou anliy sou entènèt
Ouvri yon sesyon nan Sèvis abonnman listaj nouvo biznis yo
Ou dwe fè yon demann pou jwenn aksè ak modpas nan seksyon sit wèb sa a.
Enfòmasyon ki enpòtan sou Taks pwofsyonèl lokal:
- 97,000 resi Taks pwofesyonèl lokal Palm Beach County yo te anrejistre an 2007
- Taks pwofesyonèl lokal la dwe koumanse 30 septanm epi ou kapab peye li anvan 1 jiyè fin pase. Jou ki 1 oktòb, tout Taks pwofesyonèl lokal ki poko peye ap konsidere tankou dèt ki ansoufrans epi w ap dwe peye penalite chak mwa apre sa.
- Taks pwofesyonèl la kalkile oprorata jou ki 1 aveil, lè sa a se chak pou yon demi-ane ki aplikab.
- Tout biznis yo dwe afiche Resi taks pwofesyonèl Palm Beach County yo pou tout kliyan kapab wè li.
- Biznis yo petèt ap dwe respekte lwa minisipal ak lwa county yo, kòd zonaj ak lejislasyon Eta a.
- Ou dwe avèti Biwo Pèseptè taks la sizoka ta vin genyen yon chanjman nan adrès, moun ki pwopriyetè, oubyen non biznis lan epi sa mande pou ou ranpli yon lòt demann aplikasyon.
- Ou kapab aksede gratis nan dosye ofisyèl Listaj nouvo biznis sou sit wèb sa a ak nan biwo nou yo. Rapò nou resevwa chak jou sou nouvo biznis ki genyen yo disponib pa abonnman sou disk di, diskèt, CD oubyen telechajman sou entènèt. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon.
|