|
Yon lwa Paleman Eta Florid te deside chanje non Pèmi pwofesyonèl yo fè yo tounen Resi taks pwofesyonèl
Kimoun ki dwe pran yon Resi taks pwofesyonèl? Nenpòt ki moun ki gen yon biznis nan Palm Beach County ki founi piblik la machandiz oubyen sèvis, menmsi si se atravè yon biznis ki gen yon grenn moun ladan li oubyen yon aktivite ki fèt depi lakay yon moun.
Ki kondisyon yo dwe ranpli pou kapab jwenn yon resi taks pwofesyonèl?
- Aplikasyon ki ranpli pou Resi taks pwofesyonèl Palm Beach County.
- Apwobasyon zonaj. Antrepriz komèsyal yo dwe ranpli tout kondisyon zonaj yo. Ou kapab prouve yo te apwouve zonaj la grasa siyati yon Anplwaye Zonaj ki evan aplikasyon resi taks pwofesyonèl la. Si biznis ou sitye andedan limit lavil la, ou dwe prezante aplikasyon an pèsonèlman pou yo kapab apwouve zonaj la. Pou jwenn aksè nan lis minisipalite yo, ale sou sit wèb Palm Beach County League of Cities: www.leagueofcities.com. Pou kapab jwenn antrepriz komèsyal yo ki sitye nan zòn Palm Beach County ki pa gen pèsonalite moral, kontakte Divizyon planifikasyon, konstriksyon ak zonaj Palm Beach County Planning, Building and Zoning Division, 2300 N. Jog Road, West Palm Beach (561) 233- 5200 oubyen 2976 State Road #15, Belle Glade (561) 996-1650. Sèten biznis ki fèt lakay yon moun nan zòn ki pa gen pèsonalite moral nan county an kapab pa bezwen suiv pwosedi sa a.
- Founi prèv Imatrikilasyon anba yon non ki fiktif.
- Founi yon prèv dokiman, si Eta, county oswa òganizasyon federal yo mande li. (Gen egzijans espesyal pou sèten pwofesyon ki liste nan dezyèm paj Aplikasyon pou resi taks pwofesyonèl la.)
- Chaj yon kalkile anfonksyon tip aktivite komèsyal la epi yo kapab depann de varyab. (Pa egzanp: konbyen anplwaye ki genyen, kapasite restoran an, elatriye) Pou asire w ap peye montan ki kòrèk la, rele biwo a nan 561-355-2272.
Èske m ap dwe genyen plis pase yon resi pwofesyonèl county pou biznis mwen? Gen sèten biznis ki dwe genyen plis pase yon resi. (Pa egzanps: yon resi pou chak pwofesyonèl ak yon resi pou biznis la.)
Kisa yon imatrikilasyon anba yon non ki fiktif ye? Biznis k ap fè biznis anba non ki pa pwòp non pèsonèl yo (prenon ak siyati) oubyen non ki enkòpore, dwe founi yon prèv imatrikilsyon anvan yo kapab resevwa resi a. Ou kapab pase pran Pake pou imatrikilasyon anba non kifiktif nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks oubyen ou kapab soumèt yo anliy nan www.sunbiz.org
Si mwen deja genyen yon resi taks pwofesyonèl pou lavil la, èske mwen bezwen aplike pou yon resi pou county a tou? Resi county a pral vin ajoute sou kenenpòt resi yon vil te deja delivre.
Èske gen egzanpsyon fiskal sou taks pwofesyonèl? Ou kapab kalifye pou yon resi ki egzanpte si ou andikape (yon sètifika doktè dwe vini avèk aplikasyon pou resi a), yon vèv ak timoun ki achaj (ou dwe founi dokiman) oubyen ki gen 65 lane oswa plis(òu dwe founi yon dokiman pou sa) epi kapital ou pa plis pase $1,000.00. Ansyèn konbatan ki andikape kapab jwenn yon rabè sou resi yo si yo founi yon prèv yo andikape toutbon vre. Klike la pou kapab jwenn aplikasyon yo.
-anlè-
|