|
Pèseptè taks se reprezantan Komite Eta Florid pou prezèvasyon pwason ak bèt sovaj pou vant tout pèmi lachas, pèmi lapèch nan dlo sous ak dlo lanmè, so pou wazo akwatik ak pèmi pou jesyon jibye yo.
Achte yon pèmi pou lachas ak lapèch anliy sou entènèt
Pou kapab achte yon pèmi lachas ak lapèch nan telefòn
Enfòmasyon ki enpòtan sou Pèmi pou lachas ak lapèch yo:
- An 2007, Biwo Pèseptè taks la te akòde 3,200 Pèmi pou lachas ak lapèch nan Palm Beach County.
- OU kapab jwenn Pèmi ki popilè yo nan men sou-reprezantan tankou magazen espò ak magazen pou aba ak atiray epi nan sèten gran magazen gran sifas.
- Pèmi yo anyèl epi yo ekspire 12 mwa apre dat yo te delivre.
- Ou kapab jwenn Lisans Avi ak pou Sènyò pou lapèch nan Biwo Pèseptè taks la sèlman.
- Kèlkeswa moun lan ki te fèt apre 1 jen 1975, li dwe te pase yon klas edikasyon chasè ki apwouve anvan yo kapab resevwa yon pèmi pou pran bèt sovaj nan Eta Florid.
- Ou kapab jwenn yon aplikasyon pou pèmi lapèch pou andikape nan Biwo Pèseptè taks lokal ou epi voye li nan Tallahassee pou yo kapab delivre pèmi a ba w.
Aprann plis enfòmasyon konsènan Komite Eta Florid pou pwoteksyon pwason ak bèt sovaj
|