|
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County sèvi kòm yon reprezantan Depatman Eta Florid pou sekirite otowout ak veyikil motorize. Biwo a responsab pou tout anrejistreman sou tit ak imatrikilasyon veyikil amotè, veyikil ki pa woule sou otowout, motosiklèt, mobiltèt ak rezidans mobil yo.
Renouvle enskripsyon veyikil amotè w anliy sou entènèt
Enfòmasyon ki enpòtan konsènan Tit veyikil amotè ak imatrikilasyon:
- An 2006, Biwo Pèseptè taks la te imatrikile 1.2 milyon veyikil nan Palm Beach County.
- Se sèl Pèseptè taks ak Depatman Eta Florid pou sekirite otowout ak veyikil motorize ki kapab anrejistre oubyen delivre yon tit pou veyikil yo. Gen sèten biznis prive nan Palm Beach County ki rele pwòp tèt yo ajans idantifikasyon. Sèvis yo founi yo trè chè epi li pa nesesè poutèt ajans idantifikasyon yo dwe kanmenm pote tout aplikasyon yo devan Biwo Pèseptè taks la pou yo kapab apwouve yo.
- Nouvo rezidan yo dwe imatrikile veyikil pa yo anvan 10 jou fin pase dei yote tabli rezidans legal yo, depi yo te aksepte yon djòb oubyen depi yo te enskri timoun yo nan yon lekòl leta.
- Yon plak machin senp dwe kwoke dèyè veyikil la, eksepte pou kamyon ki gen yon pwa brit ki plis pase 26,000 liv. Y ap delivre kamyon sa yo de plak machin kote chak plak pral genyen sou yo menm ensiy dekalk ki afiche devan kamyon an.
- PLak machin yo se pwopriyete moun lan, se pa pwopriyete veyikil la epi yo kapab transfere l sou yon veyikil ranplasman grasa yon tranzaksyon ki ofisyèl.
- Otomobil ak kamyon dwe genyen omwen $10,000 asirans pwoteksyon pèsonèl kont blesi (PIP) epi omwen $10,000 asirans kont responsabilite pou pwopriyete ki andomaje (PDL) sou yo.
- Imatrikilasyon veyikil prive ak veyikil lokasyon alontèm valab jiska minui jou dat danivèsè moun k ap fè imatrikilasyon an. Y ap faktire yon chaj pou montan lajan ki anreta si moun lan pa t renouvle imatrikilasyon an anvan 10yèm jou nan mwa ki vin apre a.
- Pèseptè taks la voye avi rapèl alavans anvan dat renouvèlman moun k ap fè imatrikilasyon an. Se pa poutèt moun k ap fè imatrikilasyon an pa t resevwa avi a sa vle di li pa gen okenn obligasyon renouvle aplikasyon li san reta oubyen se pou sa li pa blije peye chaj an reta a lè l ap renouvle imatrikilasyon an.
|