Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè

Veyikil ki imatrikile nan Eta Florid
Ki te anrejistre anvan nan yon lòt Eta
Nouvo veyikil ki poko janm anrejistre
Veyikil an lokasyon
Rezidans mobil
Sèvis rapid pou Tit
Tit elektwonik yo
Pèmi estasyonnman pou andikape
Plak machin espesyal
Avi vant
TAVIS
Opsyon peman
Kesyon yo mande anpil
Fòm yo
Lyen ki itil

Byen
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Veyikil amotè >

Pèmi estasyonnman pou andikape

Moun ki andikape tanporè oswa pèmanan ansanm ak òganizasyon ki transpòte moun ki andikape dwe aplike pou jwenn pèmi ki pèmèt yo pake nan kote ki fèt pou moun ki andikape yo. Ou dwe kwoke yon kat estasyonnman nan do mirwa vizyon aryè a lè ou pake yon veyikil nan espas ki rezève pou moun ki andikape. OU kapab tranfere kat la nan nenpòt ki veyikil k ap transpòte moun ki andikape yo te delivre kat la.

Men sa ou bezwen pou kapab obteni yon Pèmi estasyonnman pou moun ki andikape:

Yon Fòm aplikasyon pou pèmi estasyonnman pou moun ki andikape HSMV 83039 ki deja ranli aplikan an dwe ranpli ansanm ak doktè li pou yo kapab delivre kat la. Klike la pou kapab jwenn yon pake enfòmasyon sou pèmi estasyonnman pou moun ki andikape.

  • Yon doktè, doktè opteyopatik, yon doktè podyatrik, yon Chiropractor, yon Optometris, yon Nès ki kalifye ou pratike selon Chapit 464 dwe founi sètifikasyon, anba sipèvizyon yon doktè ki gen lisans pou pratike, yon Asistan doktè ki gen otorizasyon pratike selon Chapit 458 oubyen Chapit 459, oubyen yon doktè ki gen menm kalite otorizasyon pou pratike ki soti nan yon lòt Eta. Lè sètifikasyon an ekri sou fòm HSMV 83039 (revize 7/02 ak pi ta) nimewo pèmi otorite medikal, Eta kote yo anrejistre, yon kopi pèmi pou pratike ansanm ak adrès kote yo rete a dwe endike pou otorite k ap emèt sètifikasyon an.
  • Aplikan an dwe gen swa yon pèmi chofè machin pou Eta Florid oubyen yon Kat idantite Divizyon Pèmi pou chofè machin Eta Florid la delivre. Enfòmasyon adisyonèl ak detay pou kalifye>

Kalite pèmi ak divès chaj pou pèmi estasyonnman pou moun ki andikape yo 

Lisans pou 4an
Lisans paking pou 4 an (kat ble) ap ekspire jou dat nesans moun ki andikape a kat (4) an apre yo te emèt li. Yo kapab renouvle lisans sa yo nan lapòs oswa si ou ale nan yon biwo. Si ou renouvle pèmi a nan lapòs, tanpri voye yon anvlòp ki make adrès ou sou li epi ki gen yon tenm sou li tou. Pèmi paking pou 4an an gratis.
Pèmi tanporè
Yon moun ki andikape tanporèman kapab kalifye pou yon pèmi estasyonnman tanporè (kat wouj) yo kapab remèt li pou sis mwa. Nou kapab etann dire pèmi a pou 1 ane gratis. Chaj w ap dwe peye a pou yon pèmi estasyonnman tanporè se $15.00.

Plak imatrikilasyon ki gen yon senbòl chèz woulant sou li
yon moun ki kalifye pou yon pèmi paking pou moun andikape kapab jwenn yon plak machin ak senbòl yon chèz woulant sou li olye pèmi paking pou moun ki andikape. Li ekspire chak ane jou fèt danivèsè pwopriyetè a. Pa gen okenn chaj adisyonèl ki ajoute sou montan enskripsyon anyèl la.

Men sa ou bezwen pou kapab jwenn yon plak machin ki gen yon senbòl chèz woulant sou li:

  • Yon Aplikasyon pou pèmi paking pou moun andikape HSMV 83039 ou ranpli oswa yon Aplikasyon pou plak machin entènasyonal ak yon chèz woulant HSMV 83007 aplikan an dwe siyen ansanm akdoktè li pou plak machin la kapab fèt.
  • Aplikan an dwe gen swa yon pèmi chofè machin pou Eta Florid oubyen yon Kat idantite Divizyon Pèmi pou chofè machin Eta Florid la delivre.
  • Prèv li aplikan an genyen Asirans nan Eta Florid. 
 
Dènye nouvèl yo

Annons:
Koumanse 26 septanm 2008 Inite mobil la pral sispann fonksyon nan Jupiter Kontinye li>

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >