|
Yon tit elektwonik (E-Title) se yon dosye tit yokenbe nan fòma Elektwonik. Anjeneral, lè moun achte yon veyikil avèk yon prè, yo kenbe tit lan sou fòm elektwonik epi yo rele li yon ?Tit grèvman elektwonik? (ELT). Sèl diferans ki genyen ant yon E-Title ak yon ELT se ke genyen yon grèvman sou ELT an emn pa sou E-Title an. Nan toude ka yo, yo PA t enprime okenn tit sou papye.
Pa egzanp, Jane Doe vlachte nan men yon konsesyonè epi lè yo trete aplikasyon pou tit lan, yo chwazi yon retansyon grèvman elektwonik. Yo kenbe tit lan sou fòm yon Electronic Lien Title (ELT). Apre sa Jane peye tout lajan li dwe sou veyikil la epi detantè grèvman elektwonik lan libere grèvman an. Yo konvèti estati tit lan nan yon E-Title epi li rete konsa jiska yo soumèt yon rekèt pou tit sou papye.
Lè yon mèt yon veyikil pa gen ankò okenn grèvman sou yon veyikil, li kapab kenbe tit la sou fòm elektwonik E-title, oswa li kapab mande yon kopi sou papye pou tit la.
Yon pwopwiyetè yon veyikil pral bezwen yon kopi ELT oswa E-Titla sou papye, si pwopriyete veyikil la transfere ba yon moun. Tout veyikil yo remèt yon konsesyonè nan Eta Florid pa bezwen konvèti E-Title la sou papye.
Ou kapab jwenn yon kopi sou papye si ou montre bon dokiman idantifikasyon sa yo*:
- Nan biwo Pèseptè taks la
- Menm jou an grasa Sèvis ?Tit rapid? nou pou yon chaj $7 anplis.
- Nan lapòs grasa sèvis tretman tit nòmal nou an.
- Si ou vizite sit wèb Depatman Eta Florid pou Sekirite otowout ak veyikil amotè nan http://www.hsmv.state.fl.us/html/emt.htm
* Si mèt veyikil lan prezan, li dwe montre dokiman idantifikasyon li. Si se yon reprezantan mèt veyikil la ki prezan, li dwe montre dokiman idantifikasyon li epi li dwe genyen yon pwokirasyon.
|