KIjan mwen kapab jwenn yon pèmi estasyonnman pou moun ki andikape? Rele biwo Pèseptè taks la nan 561-355-2622 oswa klike la pou jwenn plis enfòmasyon.
Kijan mwen kapab achte yon plak machin pèsonalize? Nou kapab delivre yon plak machin ki pèsonalize ba kèlkeswa mèt yon veyikil motorize oswa yon moun k ap lwe yon veyikil motorize sof yon veyikil ki bezwen yon plak machin ki ekri "Restricted," "Apportioned," "Wrecker," oubyen plak machin kamyen doub (de). Ou dwe depoze aplikasyon yo ba òganizasyon plak machin lan pou yo apwouve oubyen rejte chwa plak machin ou pou yo kapab asire pa gen okenn chwa ki obsèn oubyen ki kesyonab. Chak plak machin pèsonalize va koute $12 anyèlman. Voye aplikasyon yo nenpòt ki lè pandan ane a. Fabrikan an gen 45 jou nan kalandriye (koumanse dat fabrikan an resevwa kòmann lan, se pa dat lè plak machin lan te kòmande devan biwo pèseptè taks la) pou fabrike ak pou ekspedye plak machin lan. Yo delivre plak machin yo pou peryòd imatrikilasyon aktyèl la sof si aplikasyon an te fèt pandan peryòd imatrikilasyon avanse a (3 mwa anvan mwa dat nesans pwopriyetè a oswa peryòd imatrikilasyon ki te deziye a). Lè yo depoze aplikasyon an pandan peryòd imatrikilasyon avanse a epi yo peye tout taks imatrikilasyon yo, plak machin lan pral ekspire ane suivant lan. Aplike nan biwo pèseptè taks lokal ou. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon.
Konbyen karaktè enprimri mwen kapab mete sou yon plak machin ki pèsonalize? Plak machin ki gen yon motif logo nan mitan tankou plak machin nòmal Eta Florid la oubyen plak machin Sove Manatee yo, kapab pran jiska 7 karaktè ak anplis yon espas oubyen yon tirè. Plak machin ki gen yon motif logo ki a gòch tankou plak machin kolèj ak pou espò, kapab gen jiska 5 karaktè san okenn espas oubyen tirè anplis. Aplike nan biwo pèseptè taks lokal ou oubyen klike la pou kapab jwenn plis enfòmasyon.
Kijan mwen kapab achte yon plak machin militè? Yo delivre plak machin sila yo ba moun ki ranpli sèten kritè. Pa egzanp, pou kapab kalifye pou yon plak machin Meday donè, moun lan dwe montre yon prèv Gouvènman meriken an te remèt yo Meday donè a. Tout plak machin militè yo, sof Meday donè a, disponib nan biwo pèseptè taks lokal ou. Voiye tout aplikasyon pou Meday donè ak renouvèlman yo nan: Division of Motor Vehicles Neil Kirkman Building 2900 Apalachee Parkway Direct Mail MS72 Tallahassee, FL 32399-0620
Yo kapab delivre plak machin militè yo sèlman pou tip veyikil sila yo: Otomobil (Prive oubyen ki lwe) Karavan ak motè oubyen kamyon karavan yo pa itilize nan yon bi ki "lokasyon" oubyen "komèsyal" Kamyon ki gen yon itilizasyon ki prive ki peze 7,999 liv san kagezon oubyen mwens
Klike la pou kapab wè plak militè ki disponib: http://www.hsmv.state.fl.us/specialtytags/miltags.html#ng
Mwen se yon operatè radyo amatè. Kijan mwen kapab jwenn yon plak machin radyo amatè pou veyikil mwen? PLak machin yo kapab delivre ba otomobil (prive oubyen lokasyon), kamyon ki peze 7,999 liv oubyen mwens ak tout tip veyikil pou lwazi. Sa va koute $5 anyèlman pou chak plak machin orijinal pou Amatè radyo yo ak $1.50 chak ane apre sa. Voye aplikasyon an nenpòt ki lè ansanm ak yon kopi pèmi radyo amatè a FCC a te delivre ak yon prèv asirans nan Eta Florid ba biwo pèseptè taks lokal la. Fabrikan an gen 45 jou sivil (koumanse depi dat fabrikan an te resevwa kòmann lan, pa dat ou te kòmande plak machin lan nan biwo pèseptè taks lokal ou) pou fabrike epi pou ekspedye plak machin lan. Yo delivre plak machin yo pou peryòd imatrikilasyon aktyèl lan sof nan ka apikasyon an te fèt pandan peryòd imatrikilasyon avanse a (3 mwa anvan mwa dat nesans pwopriyetè a oubyn peryòd imatrikilasyon ki te deziyen a). Lè ou fè aplikasyon an pandan peryòd imatrikilasyon avanse a epi ou fin peye tout taks anrejistreman an, plak machin lan pral ekspire ane suivant lan. Apike nan biwo pèseptè taks lokal ou.
Èske mwen kapab transfere plak machin Eta Florid mwen sou yon nouvo veyikil? Wi, men sèlman apre ou fin konplete yon transfè ofisyèl nan Biwo Pèsptè taks la. Si ou kapab montre yon prèv veyikil kote w ap pran plak la te imatrikile anba non ou, epi ou te echanje li, vann li oubyen ou te mete li de kote, ou p ap dwe peye chaj $100 pou Premye imatrikilasyon an. Si ou gen lòt kesyon konsènan imatrikilasyon oubyen tit veyikil yo, kontakte Biwo Pèseptè taks la nan 561-355-2622 oubyen klike la pou jwenn plis enfòmasyon.
-anlè-
|