Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè

Veyikil ki imatrikile nan Eta Florid
Ki te anrejistre anvan nan yon lòt Eta
Nouvo veyikil ki poko janm anrejistre
Veyikil an lokasyon
Rezidans mobil
Sèvis rapid pou Tit
Tit elektwonik yo
Pèmi estasyonnman pou andikape
Plak machin espesyal
Avi vant
TAVIS
Opsyon peman
Kesyon yo mande anpil
Fòm yo
Lyen ki itil

Byen
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Veyikil amotè >

Veyikil ki lwe

Pake enfòmasyon Telechaje yon pake enstriksyon, tout fòm ki nesesè yo ansanm ak yon lis verifikasyon ki gen dokimantasyon ou bezwen an.

Pake pou transfere tit pou yon veyikil ki lwe nan Eta Florid

Pakè ak enfòmasyon osijè tit akselere

Enfòmasyon nan seksyon ki annapre a konsène tout veyikil ki lwe, olye yo achte.

Ou dwe prezante dokiman sa yo:

  1. Tit andeyò Eta a oubyen Sètifika dorijin Fabrikan orijinal la (MCO).
  2. Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou Sètifika tit HSMV 82040. Sonje seksyon ki annapre yo konn rete vid souvan, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire atik sila yo ranpli kòrèkteman:
    • Seksyon 1: Nimewo pèmi chofè machin veyikil la. Si veyikil la sipoze anrejistre sou yon tit anba non yon biznis, tanpri ekri Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) la oubyen Nimewo kliyan DMV biznis la ansnam ak kòd postal 9 chif adrès komèsyal la.
    • Nimewo egzanpsyon taks sou lavant nan Eta Florid pou konpayi lokasyon an si gen mwens pase 6 mwa ki separe dat lokasyon an ak dat anrejistreman an.
    • Enfòmasyon sa yo konsènan konpayi lokasyon an:
      • Adrès komèsyal konplè, ki gen ladan kòd postal nèf chif la
      • Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) oubyen Nimewo kliyan DMV an.
    • Si veyikil la te lwe andeyò Eta a, yon ajan polis, yon konsesyonè otorize, yon Notè piblik nan Eta Florid, yon Komi-chèf Gran Prevo, DMV oubyen yon anplwaye pèseptè taks la dwe fè yon enspeksyon fizik osijè nimewo idantifikasyon veyikil la (VIN oubyen nimewo seri). Biwo pèseptè taks la kapab fè enspeksyon sa a gratis, si lameteyo a pa anpeche sa.
  3. Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
    • Yon pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
    • Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta oubyen yon kat didantite ak foto.
    • Yon paspò Etazini.
    • Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
    • Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
    • Yon paspò ki pa paspò meriken.

    Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >

  4. Prèv asirans nan Eta Florid (yon kat asirans pou Eta Florid, yon kontra asirans oubyen yon klasè), oubyen yon Deklarasyon asirans sou sèman nan Eta Florid HSMV 83330.

  5. Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
    • Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la).
    • Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
    • County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a
  6. Si w ap transfere yon plak machin Eta Florid ki valab, yon kopi Sètifika imatrikilasyon Eta Florid ak Deklarasyon sou sèman Disposal Affidavit PBCTC 138 ki konfime ou pa gen ansyen veyikil la ankò.

Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo
Divès faktè detèmine chaj imatrikilasyon ak anrejistreman yo (ki kalite plak yo te achte a, pwa veyikil la, dire peryòd anrejistreman an, elatriye). Ou kapab konplete transaksyon tit ou nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks la. Y ap kreye nouvo Sètifika tit la Tallahassee epi y ap voye l ba w ant 2 a 6 semèn.

Si apre 6 semèn ou poko resevwa Sètifik tit ou, tanpri ale nan youn nan biwo nou oubyen klike la pou kapab telechaje Kopi oubyen Tit ki Pèdi nan sikilasyon/Reyatribisyon HSMV 82101.

Sèvis rapid pou Tit
Si ou aksepte peye yon chaj anplis, sèvis Tit akselere disponib nan pèmanan sikisal. Si tout dokiman yo kòrèk (al gade lis konplè tout dokiman ki nesesè yo anlè a), y ap kreye yon Sètifika tit nan biwo a epi l ap disponib apre tranzaksyon an fin fèt. Si moun k ap fè aplikasyon pou tit lan se pa mèt veyikil lan, aplikan an dwe genyen yon Pwokirasyon oubyen yon Deklarasyon sou sèman ki bay li otorizasyon ki soti nan men pwopriyetè veyikil la.

Men fòm peman yo nou aksepte yo pou kapab jwenn yon tit eksprès:

  • Kach
  • Chèk
  • Manda
  • Chèk labank
 
Dènye nouvèl yo

Annons:
Koumanse 26 septanm 2008 Inite mobil la pral sispann fonksyon nan Jupiter Kontinye li>

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >