Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè

Veyikil ki imatrikile nan Eta Florid
Ki te anrejistre anvan nan yon lòt Eta
Nouvo veyikil ki poko janm anrejistre
Veyikil an lokasyon
Rezidans mobil
Sèvis rapid pou Tit
Tit elektwonik yo
Pèmi estasyonnman pou andikape
Plak machin espesyal
Avi vant
TAVIS
Opsyon peman
Kesyon yo mande anpil
Fòm yo
Lyen ki itil

Byen
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Veyikil amotè >

Rezidans mobil

Pake enfòmasyon Telechaje yon pake enstriksyon, tout fòm ki nesesè yo ansanm ak yon lis verifikasyon ki gen dokimantasyon ou bezwen an.

Pake enfòmasyon pou transfè tit nan Eta Florid

Pakè ak enfòmasyon osijè tit akselere

Pèseptè taks la pwodui tit epi li imatrikile rezidans mobil yo. Y ap renouvle imatrikilasyon pou rezidans mobil ki sèvi tankou lojman nan mwa oktòb, novanm oubyen desanm. Y ap emèt yon dekalk imatrikilasyon epi ou dwe afiche li anba nan kwen gòch fenèt la ki pi pre lari oubyen wout daksè a.
 
Chaj imatrikilasyon rezidans mobil yo fikse anfonksyon longè inite a. Yon karavan ki doub lajè konsidere tankou de (2) inite. Yon karavan ki gen trip lajè konsidere tankou twa (3) inite. Chak inite rezidans mobil dwe anrejistre. Dekalk rezidans mobil yo ekspire 31ye desanm chak ane. Y apfaktire w yon chaj pou peman ki an reta si ou pa renouvle imatrikilasyon an anvan 10 janvye.
 
Biwo Estimatè byen an ap plase tout rezidans mobil ki pa an règ ak imatrikilasyon yo oubyne ki pa afiche yon dekalk ki valab sou lis taks Byen mèb kòporèl la. Y ap estime tout atachman ki vini ak rezidans mobil la (abri machin, ekran veranda, elatriye;) epi y ap plase yo sou lis taks la.
 
Si yon rezidans mobil gen yon imatrikilasyon ki valab epi li gen atachman tou, Biwo Estimatè byen yo pral plase tout atachman yo sèlman sou Lis taks byen mèb kòporèl yo. Tanpri sonje chak ane, w ap resevwa yon nouvo fakti pou atachman yo anplis de chaj imatrikilasyon yo.
 
Rezidans mobil yo ki fikse yon fason ki pèmanan
Si ou se mèt teren an epi ou fikse rezidans mobil ou nan yon fason ki pèmanan, ou kapab deklare rezidans mobil ou tankou byen reyèl. Pwosesis sa a konplè apre ou fin resevwa epi ou ranpli Deklarasyon yon rezidans mobil kòm pwopriyete imobilyè DR-402 ki soti nan Biwo estimatè byen yo. Depi demann lan apwouve, y ap estime rezidans mobil tankou yon byen reyèl. Mèt pwopriyete a dwe founi fòm DR-402 ki apwouve a ba Biwo Pèseptè taks la kote y ap delivre dekalk pou pwopriyete reyèl (RP) la pou $5.10 w ap dwe peye yon grenn fwa.

Yon rezidans mobil ki konplete pwosesis deklarasyon li antan byen reyèl kapab abandone “Sètifika tit” lan tou pou toujou. Depi sètifika a fin abandone, transfè dwa pwopriyete sou yon rezidans mobil pral fèt tankou yon tranzaksyon imobilyè nòmal epi Pèseptè taks la pa gen anyen pou wè ak sa. Si yo vann rezidans mobil la apa de pwopriyete a, fòk yo rekreye yon Sètifika tit pou chak inite.
 
Si yo pa abandone tit la, vant rezidans mobil ak pwopriyete a ta mande pou yo fè de (2) tranzaksyon separe. Transfè dwa pwopriyete sou pwopriyete a ta dwe konplete grasa yon vant imobilyè nòmal alòske vant rezidans mobil lan ta bezwen yo fè yon akt vant pou kapab transfere tit la.
 
Pwopriyetè ki kalifye pou pwopriyete ki deklare (alafwa tit nòmal ak tit ki abandone yo) kapab kalifye tou pou rediksyon taks sou pwopriyete grasa egzanpsyon sou rezidans familyal (homestead), egzanpsyon pou moun ki andikape, egzanpsyon pou vèf ak vèv ak pou senyò. Si ou vle jwenn plis enfòmasyon sou egzanpsyon konsènan taks sou pwopriyete, tanpri al gade sit wèb Estimatè byen a.

 
Dènye nouvèl yo

Annons:
Koumanse 26 septanm 2008 Inite mobil la pral sispann fonksyon nan Jupiter Kontinye li>

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >