|
Enfòmasyon nan seksyon ki annapre a valab pou tout veyikil yo ki te anrejistre andeyò Eta a ak lè gen sityayson sa a:
- mèt veyikil la deside demanaje nan Eta Florid oubyen
- gen yon chanjman pwopriyetè oubyen gen yon transfè dwa pwopriyete sou veyikil ki te imatrikile andeyò Eta a anfavè yon rezidan Eta Florid.
Ou dwe prezante dokiman sa yo:
- Sètifika tit andeyò Eta a dwe endike siyati vandè a, pri dacha a ak kantite kilomèt ki endike sou kontè a lè vant la fèt.
- Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou Sètifika tit HSMV 82040. Tanpri pa bliye anpil fwa yo kite seksyon sila yo vid sou fòm lan, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire ou te byen ranpli seksyon sa yo:
- Seksyon 1: Nimewo pèmi chofè machin Eta Florid mèt veyikil la. Si yo dwe anrejistre veyikil la anba non yon biznis, tanpri ekri Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) la ansanm ak kòd postal 9 chif adrès biznis la.
- Seksyon 7: Seksyon sou enfòmasyon taks sou vant.
- Seksyob 8: Si veyikil la te imatrikile andeyò Eta a, youn nan moun ki annapre yo dwe fè yon
enspeksyon fizik nimewo idantifikasyon veyikil la (VIN): yon ofisye polis, yon konsesyonèl otorize, yon Notè nan Eta Florid, yon gran prevo, yon anplwaye DMV oswa pèseptè taks la. Biwo pèseptè taks la kapab fè enspeksyon sa a gratis, si pa fè move tan. Obsèvasyon: Veyikil ki soti nan yon lòt peyi y ap imatrikile nan Eta Florid dwe mande pou biwo rejyonal DMV ki sitye nan:
470 Columbia Drive
Bldg. E, Suite 200
West Palm Beach, FL 33409
(561)640-6820
- Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
- Yon pèmi chofè machin nan Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
- Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta ak foto sou li.
- Yon paspò Etazini.
- Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
- Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
- Yon paspò ki pa paspò meriken.
Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >
-
Prèv asirans nan Eta Florid (yon kat asirans pou Eta Florid, yon kontra asirans oubyen yon klasè), oubyen yon Deklarasyon asirans sou sèman nan Eta Florid HSMV 83330.
- Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
- Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la) Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
- County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a
- Si w ap transfere yon plak machin Eta Florid ki valab, yon kopi Sètifika imatrikilasyon Eta Florid ak
Deklarasyon sou sèman Disposal Affidavit PBCTC 138 ki konfime ou pa gen ansyen veyikil la ankò.
Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo Divès faktè detèmine chaj imatrikilasyon ak anrejistreman yo (ki kalite plak yo te achte a, pwa veyikil la, dire peryòd anrejistreman an, elatriye). Ou kapab konplete transaksyon tit ou nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks la. Y ap kreye nouvo Sètifika tit la Tallahassee epi y ap voye l ba w ant 2 a 6 semèn.
Si apre 6 semèn ou poko resevwa Sètifik tit ou, tanpri ale nan youn nan biwo nou oubyen klike la pou kapab telechaje Kopi oubyen Tit ki Pèdi nan sikilasyon/Reyatribisyon HSMV 82101.
Sèvis rapid pou Tit Si ou aksepte peye yon chaj anplis, sèvis Tit akselere disponib nan pèmanan sikisal. Si tout dokiman yo kòrèk (al gade lis konplè tout dokiman ki nesesè yo anlè a), y ap kreye yon Sètifika tit nan biwo a epi l ap disponib apre tranzaksyon an fin fèt. Si moun k ap fè aplikasyon pou tit lan se pa mèt veyikil lan, aplikan an dwe genyen yon Pwokirasyon oubyen yon Deklarasyon sou sèman ki bay li otorizasyon ki soti nan men pwopriyetè veyikil la.
Men fòm peman yo nou aksepte yo pou kapab jwenn yon tit eksprès:
- Kach
- Chèk
- Manda
- Chèk labank
|