|
Ou bezwen fè yon transfè tit nan Eta Florid lè yon veyikilki anrejistre alèkile nan Eta Florid vin chanje pwopriyetè oubyen lè yo transfere dwa pwopriyete sou veyikil la anfavè yon lòt pwopriyetè ki rezide nan Eta Florid.
Ou dwe prezante dokiman sa yo:
- Sètifika Tit Eta Florid ansanm ak seksyon ki rele "transfè tit vandè a fè" ki ranpli kòrèkteman, ansanm ak kontè kilometrik.
- Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou Sètifika tit HSMV 82040. Sonje seksyon ki annapre yo konn rete vid souvan, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire atik sila yo ranpli kòrèkteman:
- Seksyon 1: Nimewo pèmi chofè machin Eta Florid mèt veyikil la. Si yo dwe anrejistre veyikil la anba non yon biznis, tanpri ekri Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) la ansanm ak kòd postal 9 chif adrès biznis la.
- Seksyon 7: Seksyon sou enfòmasyon taks sou vant.
- Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
- Yon pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
- Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta oubyen yon kat didantite ak foto.
- Yon paspò Etazini.
- Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
- Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
- Yon paspò yon lòt peyi.
Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >
-
Prèv asirans nan Eta Florid (yon kat asirans pou Eta Florid, yon kontra asirans oubyen yon klasè), oubyen yon Deklarasyon asirans sou sèman nan Eta Florid HSMV 83330.
- Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
- Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la).
- Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
- County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a
- Si w ap transfere yon plak machin Eta Florid ki valab, yon kopi Sètifika imatrikilasyon Eta Florid ak
Deklarasyon sou sèman Disposal Affidavit PBCTC 138 ki konfime ou pa gen ansyen veyikil la ankò.
Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo Divès faktè detèmine chaj imatrikilasyon ak anrejistreman yo (ki kalite plak yo te achte a, pwa veyikil la, dire peryòd anrejistreman an, elatriye). Ou kapab konplete transaksyon tit ou nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks la. Y ap kreye nouvo Sètifika tit la Tallahassee epi y ap voye l ba w ant 2 a 6 semèn.
Si apre 6 semèn ou poko resevwa Sètifik tit ou, tanpri ale nan youn nan biwo nou oubyen klike la pou kapab telechaje Kopi oubyen Tit ki Pèdi nan sikilasyon/Reyatribisyon HSMV 82101.
Sèvis rapid pou Tit Si ou aksepte peye yon chaj anplis, sèvis Tit akselere disponib nan biwo sikisal pèmanan yoSi tout dokiman yo kòrèk (al gade lis konplè tout dokiman ki nesesè yo anlè a), y ap kreye yon Sètifika tit nan biwo a epi l ap disponib apre tranzaksyon an fin fèt. Si moun k ap fè aplikasyon pou tit lan se pa mèt veyikil lan, aplikan an dwe genyen yon Pwokirasyon oubyen yon Deklarasyon sou sèman ki bay li otorizasyon ki soti nan men pwopriyetè veyikil la.
Men fòm peman yo nou aksepte yo pou kapab jwenn yon tit eksprès:
- Kach
- Chèk
- Manda
- Chèk labank
|