|
Pèseptè taks la prelve taks nan men chak pwopriyetè byen nan Palm Beach County pou kont chak òganizasyon leta ki nan county a ki gen otorite pou prelve taks sou byen yo.
Konsilte taks sou pwopriyete w epi peye anliy sou entènèt
Enfòmasyon ki enpòtan konsènan Taks sou pwopriyete w:
- An 2007, nou te distribye 647,000 fakti taks sou pwopriyete nan Palm Beach County.
- Estimatè byen yo sètifiye lis taks ad valorem la ba Pèseptè taks la epi li detèmine valè taksab byen an. Konsèy Komisè County an, Konsèy administrasyon lekòl, Komite lavil yo ansanm ak lòt òganizasyon ki prelve taks ad valorem fikse to mileaj la pou tout pwopriyete ki sitye andedan limit jiridiksyon yo.
- Konsèy administrasyon yo sètifiye lis estimasyon taks ki pa ad valorem ba Pèseptè taks la, sètadi Ajans pou dechè solid ak distrik pou kontwol dlo. Prelèvman ki pa ad valorem yo baze sou kou sèvis la, sètadi evakyasyon dechè yo. Valè, to ak prelèvman sa yo sèvi pou kalkile taks sou pwopriyete ou dwe yo. Pèseptè taks la konsolide lis taks yo epi li voye avi taks yonan lapòs ba pwopriyetè byen yo.
- Estimasyon Taks ad valorem ak taks ki pa ad valorem dwe rive 1 novanm oubyen depi lis taks la fin setifye.
- Yo akòde diskont pou peman yo konsa:
- 4% an novanm*
- *Oubyen anvan 30 jou fin pase lè yo voye avi a nan lapòs si yo pa t voye l anvan 1ye novanm. Y ap kalkile diskont lan sou baz dat lapòs la make sou anvlòp peman an; tout montan lajan dwe rive an mas.
- 3% an desanm
- 2% an janvye
- 1% an fevriye
- Taks ansanm ak estimasyon ki pa ad valorem konsidere an reta apati 1 avril, se lè sa a yo pral ajoute 3% enterè ak kou piblisite met sou li. Montan ki dwe a pou peman ki an reta yo fikse sou baz dat lè yo resevwa yo men pa sou baz dat lapòs la make sou anvlòp lan.
|