 |
|
Klike sou imaj la pou kapab wè yon dyagram Sik taks sou pwopriyete a
|
Taks sou pwopriyete nan Eta Florid se yon taks lokal li ye selon sa Konstitisyon an di, epi se anplwaye leta lokal ki jere, prelve epi kolekte li. Konstitisyon Eta Florid tabli Pèseptè taks county yo antan òganizasyon leta ki endepandan. Yo se Ofisye konstitisyonèl epi yo kolekte taks sou pwopriyete pou chak òganizasyon leta lokal ki gen pouvwa pou prelve taks, li sèvi county li antan reprezantan pou administrasyon Resi taks pwofesyonèl yo epi li sèvi Eta a antan reprezantan Depatman Pwoteksyon anviwònnman an, Komite Eta Florid pou pwoteksyon pwason ak bèt sovaj ak Depatman revni a.
Lejislasyon an bay Depatman revni a wòl detèmine si anplwaye leta lokal yo ap respekte lalwa, rezoud pwoblèm vyolasyon lejislasyon an ki kapab genyen epi ede epi asiste gouvènman lokal yo nan kad responsabilite yo. Resous depatman an konsantre sitou nan kontwol fonksyon evalyasyon byen estimatè byen yo. Depatman an gen obligasyon ak responsabilite nan prèske tout aspè pwosesis revni taks sou pwopriyete lokal la. Nan pami obligasyon ak responsabilite li yo genyen avi piblik ak piblisite evalyasyon ak to yo, faktirasyon, pwosesis apèl osijè evalyasyon ak egzanpsyon yo, faktirasyon taks sou pwopriyete ak koleksyon taks yo.
Estimatè byen yo Estimatè byen county a se yon anplwaye leta ki eli lokalman ki responsab selon lalwa pou detèmine valè jis oubyen valè mache tout byen epi pou tabli kondisyon pou kapab kalifye pou egzanpsyon yo. Valè taksab final la se baz prelèvman taks sou pwopriyete a pou tout gouvènman lokal yo.
Depatman revni Depatma revni siveye operasyon estimatè byen lokal yo, li detèmine si yo respekte lalwa grasa pwosesis revizyon lis fiskal la epi li asire biwo estimatè byen yo byen finanse. Depatman an aji pou rezoud pwoblèm respè lejislasyon an grasa divès zouti aplikasyon lalwa, ki gen ladan kapasite pou pa dakò ak lis fiskal la. Depatman an founi estimatè byen yo tou èd ak asistans pou amelyore respè lalwa a.
Anplwaye leta ki eli yo Konsèy administrasyon lokal yo detèmine revni yo pral prelve a anfonksyon taks sou pwopriyete nan kad pwosesis etablisman bidjè yo. Yo baze to mileaj yo sou revni taks sou pwopriyete yo ki nesesè pou depans operasyonèl yo.
Depatman revni Depatman an pa jwe okenn wol nan etablisman taks mileaj apa pou asire gouvènman yo pa depase limit mileaj konstitisyonèl yo.
Avi TRIM Se avi taks ki pwopoze yo biwo Estimatè byen a emèt ba mèt pwopriyete yo. Lejislasyon TRIM prevwa yon "to redui," prelèvman mileaj "okenn ogmantasyon taks" pou chak gouvènman lokal. "TRIM" la deklare taks ki dwe yo anba prelèvman ki pwopoze yo pou chak gouvènman ansanm ak to redui gouvènman sa a. Gouvènman lokal yo dwe fè piblisite piblikman pou reyinyon an lè y ap adopte to mileaj final ak bidjè a ansanm ak ogmantasyon taks yo, si genyen.
Depatman revni Depatman revni a deside kijan pou respekte lejislasyon an ki regile divilgasyon piblik prelèvman taks sou pwopriyete yo. Gouvènman lokal yo ki pa respekte lejislasyon an kapab dwe rekòmanse piblisite a epi y ap dwe òganize lòt odyans piblik. Depatman an founi yon fòmasyon ak asistans pandan tout ane a ba gouvènman lokal yo osijè pwosedi kòrèk yo pou amelyore respè lalwa epi li founi anpil fòm diferan yo mande pou pwosesis sa a.
Konsèy Ajisteman Valè yo Tout kontribyab ki konteste estimasyon oubyen estati egzanpsyon yo kapab fè apèl devan Konsèy Ajisteman Valè (VAB) a. Konsèy sa a gen ladan twa manm eli antite dirijant county an ansanm ak de (2) manm eli ki soti nan konsèy lekòl la. Ni estimatè byen an ni kontribyab la kapab fè apèl kont desizyon VAB a devan tribinal sikui a.
Depatman revni Depatman an blije founi fòm epi li dwe endike pwosedi inifòm ki regile sèten nan aspè odyans VAB yo.
Pèseptè taks yo Pèseptè taks la prepare fakti taks yo epi yo rive lapòs premye novanm anjeneral, epi peman an kòmanse dwe apati 31 mas pwochen. Gen diskont pou peman ki bonè ak plan peman pa tranch ki disponib. Taks sou pwopriyete yo se premye privilèj fiskal sou byen taksab la.
Depatman revni Depatman revni a founi fòma pou fakti taks sou pwopriyete a pou tout county yo.
Kontribyab yo Taks yo peyab depi 1ye novanm rive oubyen depi ou resevwa fakti taks la. Ou kapab benefisye yon diskont 4% lè ou peye bonè pou taks ki peye an novanm, 3% pou taks ki peye an desanm, 2% pou taks ki peye an janvye epi 1% pou taks yo ki peye an fevriye.
Depatman revni Depatman revni a disponib pou reponn tout kesyon kontribyab yo aosijè pwosesis kolèkt taks sou pwopriyete a epi pou fasilite kominikasyon an ant pèseptè taks yo ak estimatè byen yo.
Pèseptè taks yo Yo remèt peman yo ba pèseptè taks la. Yo vann sètifika taks yo pou tout byen pou ki gen peman taks ki an soufrans. Apre de (2) zan, yo kapab aplike pou yon akt adjidikasyon sou byen an pouki taks yo pa t peye. Pèseptè taks la, ansanm ak estimatè byen a, pral trete tout demann konsènan ranbousman taks yo.
Depatman revni Depatman revni a gen otorite apwouve oubye refize demann ki $400 oswa plis. Depatman an dwe apwouve tou tout demann yo konsènan koreksyon oswa anilasyon sètifika taks yo. Depatman an founi anpil fòm ki sèvi nan kad pwosesis kolèk taks la epi li founi fòmasyon ak asistans ba tout pèseptè taks ak biwo pèseptè taks yo.
Gouvènman lokal yo Pèseptè taks la distribye taks sou pwopriyete yo ba tout gouvènman lokal yo ki prelve taks la. An 2005, 67 county, 67 konsèy lekòl, 462 minisipalite, 231 distrik endepandan espesyal ak 5 distrik pou jesyon dlo te prelve taks sou pwopriyete. Yo te prelve yon total $25.9, kifè taks sou pwopriyete se te pi gwo sous revni leta a nan Eta Florid.
Palm Beach County Pèseptè taks Palm Beach County resevwa epi li distribye plis pase $3 milya chak ane.
-anlè-
|