Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Avi ba tout kontribyab yo
Taks sou pwopriyete imobilyè
Taks sou byen mèb kòporèl
Taks ki an soufrans (an reta)
Sètifika taks yo
Akt adjidikasyon yo
Repò fiskal Homestead
Sikl taks sou pwopriyete a
Pou kapab konprann avi taks ou
Opsyon peman
Plan peman pa tranch
Pwosedi peman ki pa kòrèk
Chanjman adrès
Kesyon yo mande anpil
Siveyans taks nan katye (Neighborhood Tax Watch)
Fòm yo
Lyen ki itil
Peman pa virman telegrafik
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Byen >

Taks sou pwopriyete ki an soufrans

Pou peye taks imobilyè w ki an soufrans (an reta)
Taks su pwopriyete yo an soufrans apati 1 avril, lè sa y ap faktire 3% enterè plis frè piblisite sou montan lajan total ki dwe a.

Kondisyon peman yo:

  • Peman yo dwe efektye ak lajan ameriken ki tire sou yon bank ki sitye Ozetazini.
  • Taks yo peyab ak lajan kach, trèt labank, chèk sètifye, manda, manda postal Etazini oubyen oubyen chèk labank sèlman. 
  • Biwo Pèseptè taks la dwe resevwa peman yo anvan dènye jou travay nan mwa a fin pase pou yo kapab konsidere peman yo te fèt pandan mwa sa a. 
  • Dat ki make sou so lapòs la se pa yon prèv peman an te fèt.
  • Taks sou pwopriyete ki toujou an soufrans lè 1 jen rive pral enkli nan vant sètifika taks la. Si ou bezwen enfòmasyon osijè vant sètifika taks yo, klike la.

Enstriksyon detaye si ou vle poze kesyon konsènan taks ou dwe yo.

Taks byen mèb kòporèl ki an soufrans
Taks sou byen mèb kòporèl yo an soufrans depi 1 avril rive, kifè lè sa a y ap ajoute yon chaj 1.5% enterè pa mwa sou montan lajan total ou dwe a. Anvan 45 jou fin pase apre taks yo te an soufrans, y ap prezante pwopriyete a nan yon jounal lokal la, epi y ap ajoute frè piblisite yo sou total lajan ki dwe a.

Y ap emèt manda fiskal yo 1 Jen pou tout taks sou pwopriyete ki pa peye. Anvan 30 jou fin pase, Pèseptè taks la dwe depoze yon petisyon devan tribinal sikui a pou li bay lòd prelve epi sezi pwopriyete a. Si tribinalsikui deside taks ki parèt sou lis fiskal la pa t peye, tribinal la pral emèt lòd la pou fòse pèseptè taks la oubyen asistan li prelve epi sezi kantite nan byen mèb kòporèl kontribyab yo ki liste nan petisyon an jan sa nesesè pou kouvri tout taks, frè, enterè, chaj avoka ak lòt frè toujou ki pa t peye.

Enfòmasyon ki enpòtan
Dèt fiskal la suiv pwopriyete a, li pa suiv pwopriyetè a. Si dwa pwopriyete yo konsènan Byen mèb kòporèl la te transfere epi mandan a te delivre anba non ansyen pwopriyetè a, li enpòtan pou sonje "privilèj" la atache sou pwopriyete mèb la. Si taks yo rete san peye, privilèj sa a pral siviv vant oswa transfè byen an. Kifè li trè enpòtan pou verifye taks sou byen mèb yo fin peye anvan ou achte yon biznis, yon rezidans mobil oubyen yon byen lokatif.

 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >