|
** Si Estati Dosye a ekri ? PA PAYE? , ou dwe chèche estati taks yo anba ?Demann konsènan Taks sou pwopriyete ki dwe? ki nan meni deroulan an:
- Plase souri a sou "Sant Demann ak Peman" ki anwo nan kwen gòch paj la.
- Nan lis lan, plase souri a sou bwat "Demann ak Peman Taks sou pwopriyete" epi yon dezyèm lis pral parèt kote ou kapab seleksyone "Demann ak Peman taks sou pwopriyete imobilyè ki dwe".
- Ekri nimewo rejis kontwòl pwopriyete imobilyè a epi klike sou rechèch oswa prese Enter.
- Klike sou ane fiskal ou ta renmen wè a.
Si Estati Dosye a ekri " PURCH " sa vle di yo te emèt yon sètifika taks pou taks ou dwe yo epi ki pa peye.
- Pou kapab wè montan ki dwe a, klike sou onglè ki make " Taks ki dwe " a, epi klike sou bwat ?Rechèch? epi montan ou dwe a pral parèt.
- Pou kapab enrpime yon deklarasyon delenkasn oswa yon resi, klike sou bwat ki make ? Enprime resi? ki anba paj detay la, depi fakti a parèt, klike sou bwat enprimant lan ki anlè sou bar zouti a.
*** Ou dwe genyen Adobe Acrobat Reader pou enprime yon fakti oswa yon resi ***
- Montan ki dwe a poutèt taks delenkan an pa detèmine selon solapòs lamen li detèmine anfonksyon dat lè yo te resevwa peman an. Peman an dwe fèt ak lajan ki sètifye.
Si Estati Dosye a make " PEYE " epi ou ta renmen wè enfòmasyon sou sa ou peye yo, klike sou onglèki make " Peman ".
- Ou kapab jwenn nan paj sa a enfòmasyon sou dat peman an, nimewo resi, montan ou te peye a ak enfòmasyon moun ki te peye a.
- Si gen plis pase 1 an, ou dwe klike sou ranje enfòmasyon pou ane sa a pou kapab wè dosye a.
|