|
Kontribyab yo dwe soumèt demann konsènan ranbousman taks yo te peye a erè anvan de (2) ane fin pase apre dat peman ki pa t kòrèk la te fèt epi anvan dwa pwopriyete sou byen fin transfere anfavè yon lòt moun.
Tanpri suiv demach sa yo pou kapab soumèt yon demann ranbousman:
- Voye yon demann pou ranbousman pa kourye sètifye, ak avi resepsyon, ba mèt byen an.
- Voye yon kopi demann alekri pou ranbousman an ba Biwo Pèseptè taks la.
- Si mèt byen an ranbouse w, ou ta dwe founi yon resi.
Si mèt byen an pa ranbouse w anvan 45 jou fin pase, ou kapab aplike devan Pèseptè taks la pou yo ranbouse w. Aplikasyon an ta dwe gen ladan prèv demann ranbousman an; pou sa founi dokiman si la yo:
- Yon kopi demann alekri pou ranbousman an
- Resi lèt sètifye a
- Prèv peman an te fèt
- Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou ranbousman Taks Ad Valorem Taxes DR 462.
Voye demann pou ranbousman an ansanm ak dokiman yo nan adrès sa a:
Anne M. Gannon, Tax Collector, Palm Beach County Attn. Corrections P. O. Box 3715 West Palm Beach, Fl. 33402-3715
Si ou bezwen plis asistans, rele nan (561) 355-2266.
|