Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Avi ba tout kontribyab yo
Taks sou pwopriyete imobilyè
Taks sou byen mèb kòporèl
Taks ki an soufrans (an reta)
Sètifika taks yo
Akt adjidikasyon yo
Repò fiskal Homestead
Sikl taks sou pwopriyete a
Pou kapab konprann avi taks ou
Opsyon peman
Plan peman pa tranch
Pwosedi peman ki pa kòrèk
Chanjman adrès
Kesyon yo mande anpil
Siveyans taks nan katye (Neighborhood Tax Watch)
Fòm yo
Lyen ki itil
Peman pa virman telegrafik
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Byen >

Kesyon yo mande anpil osijè taks sou pwopriyete


Egzanpsyon yo

Kesyon konsènan Fakti oubyen Avi w

Peman

Lòt kesyon


Egzanpsyon yo

Kijan mwen kapab konnen si mwen kalifye pou youn nan egzanpsyon fiskal yo?
Pou jwenn nefòmasyon sou tout egzanpsyon yo (homestead, vèv, ansyen militè, istorik, andikape, ekonomik, enèji, elatriye) kontakte Biwo Estimatè byen a nan 561-355-3230.

Kijan mwen kapab aplike pou yon “Egzanpsyon sou rezidans familyal (Homestead Exemption)”?
Kontakte Biwo Estimatè byen a konsènan egzanpsyon yo (homestead, vèv, ansyen militè, senyò, istorik, andikape, ekonomik oubyen enèji, elatriye). Klike la pou jwenn plis enfòmasyon

-anlè-

Kesyon konsènan Fakti oubyen Avi w

Pouki sa w ap faktire yon penalite sou fakti taks byen mèb mwen an?
Lejislasyon Eta Florid mande pou tout moun ki posede oubyen ki kontwole byen mèb pèsonèl ki taksab pou yo depoze yon Deklarasyon fiskal pou byen mèb kòporèl devan Estimatè byen a. Y ap enpoze penalite yo poutèt ou te voye deklarasyon an apre 1 avril ane fiskal la oubyen poutèt ou pa t voye deklarasyon an ditou oswa toulede alafwa. Biwo Pèseptè taks a pa aksepte peman pasyèl. Pou kapab jwenn plis enfòmasyon osijè deklarasyon ak evalyasyon byen mèb kòporèl, tanpri kontakte Biwo Estimatè byen a# nan 561-355-2896.

Konjwen mwen (manman, papa, elatriye) fèk mouri. Kijan mwen kapab wete non li sou deklarasyon fiskal la?
Voye lapòs oubyen pran yon kopi sètifika desè ak yon kopi deklarasyon fiskal la pou pote l ba Biwo Estimatè byen a.

Mwen resevwa yon deklarasyon fiskal. Taks mwen enkli nan peman ipotèk mwen. Kisa mwen ta dwe fè?
Ki koulè avi taks la ye?

  • a Vèt avi se yon kopi enfòmatif. Ki vle di konpayi ipotèk ki endike sou avi a te mande pou li resevwa avi orijinal la. Tanpri veriye sa ak konpayi ipotèk ou, si yo pral peye taks pou w grasa kont tyè ou genyen an.
  • a Ble avi se deklarasyon orijinal la. Sa endike konpayi ipotèk ou pa t mande pou yo voye deklarasyon fiskal ou. Tanpri wè sa ak konpayi ipotèk ou, si ou gen youn, pou wè si yo te bliye mande deklarasyon fiskal ou. Si konpayi ipotèk la deklare yo pral peye taks ou, ekri nimewo prè ipotekè w sou fakti ble a epi voye deklarasyon an ba konpayi ipotèk la. Si konpayi ipotèk la pa p peye taks ou, tanpri chire pati ki anba deklarasyon an epi voye l tounen ba Biwo Pèseptè taks la ansanm ak peman ou.

Mwen fin peye ipotèk mwen. Kisa mwen bezwen fè pou w kapab voye fakti taks la ba mwen? (konpayi ipotèk mwen te di m pou mwen rele biwo w)
Chak sezon fiskal konpayi ipotèk la oubyen konpayi sèvi prè yo voye yon lis nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye oswa toulede alafwa yo pral peye grasa kont fideyikomi kontribyab yo. Lè ou peye tou ipotèk ou epi konpayi ipotèk la te deklare ou (kliyan an) pral responsab pou taks ki egsiste pou ane fiskal sa a, Pèseptè taks la pral voye avi taks la ba w (touotan konpayi ipotèk oubyen konpayi sèvis la poko wete nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye w sou lis demann pou avi taks yo voye nan biwo nou an.)

Kilè yo pral voye fakti taks mwen lakay mwen?
Yo voye deklarasyon taks yo nan lapòs nan mwa Novanm chak ane, oubyen tousuit apre sa poutèt Biwo Pèseptè taks la dwe sètifiye lis fiskal la.

Kijan mwen kapab chanje adrès mwen ki sou fakti taks la?
Biwo Estimatè byen yo pral prepare lis fiskal Ad Valorem la. Tanpri voye tout kesyon osijè non pwopriyetè a, adrès li ak deskripsyon legal, estimasyon valè, egzanpsyon, valè taksab nan Biwo Estimatè byen a. Tout chanjman adrès dwe fèt alekri. Nimewo telefòn yo se 561-355-2866. Oubyen ou kapab voye yon lèt ki endike nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye ansanm ak nouvo adrès postal ba pèseptè taks la. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon

Kisa montan taks pou ane pwochèn lan pral ye?
Biwo Estimatè byen pral prepare Lis Ad Valorem la. Biwo Pèseptè taks la pa p resevwa enfòmasyon sa a jiska Estimatè byen fin sètifiye lis fiskal la bannou. Sa rive anjeneral nan fen mwa oktòb nan chak ane.

Mwen te resevwa fakti taks mwen. Èske ou kapab di mwen pouki mwa y ap faktire m? Ki lè mwen dwe peye taks yo?
Taks ki Ad Valorem ak taks ki pa Ad Valorem yo faktire chak ane (an janvye ak an desanm). Taks yo kòmanse dwe epi yo peyab apati mwa novanm, oubyen tousuit apre sa poutèt yo dwe sètifye lis fiskal la ba Biwo Pèseptè taks la. Taks yo an soufrans depi dat 1 rive nan chak ane epi sa mande pou ou peye ak lajan ki sètifye (yo pa p aksepte okenn chèk pèsonèl).

Mwen te depoze yon petisyon devan Konsèy Ajisteman Valè a epi mwen te resevwa yon lèt ki te di yo te apwouve mwen. Koulye a mwen resevwa yon fakti taks, men valè sou deklarasyon an endike ansyen valè a ki pa valè kòrèk la. Pouki sa fakti mwen endike enfòmasyon ki pa kòrèk?
Biwo Pèseptè taks la pa resevwa re-sètifikasyon lis fiskal la jiskaske tout pasèk ki pase nan sesyon Konsèy Ajisteman Valè a fin tèmine. Lè sa a Biwo Pèseptè taks la pral voye nan lapòs avi taks yo ba tout kontribyab yo pouki Konsèy Aisteman Valè a te akòde yon chanjman. Montan redui mwa Novanm lan pral repwodui sou avi taks ki korije a pandan 30 jou apati dat lè Biwo Pèseptè taks te voye avi yo nan lapòs; touotan y ap travay sou re-sètifikasyon an ak estati aktyèl ane fiskal la (Estati aktyèl la se depi novanm rive mas pou chak ane.). Pou asire ou pa rate diskont fiskal yo, ou gen opsyon peye taks ou depi lis fiskal la fin sètifye ba Pèseptè taks la, sa ki rive nòmalman pandan mwa novanm chak ane. Si yo akòde w yon rediksyon nan valè taksab, Biwo Pèseptè taks la pral ranbouse w diferans lajan an, depi re-sètifikasyon an fin fèt.

-anlè-

Peman

Kilè y ap voye fakti taks mwen? Nan ki adrès mwen dwe voye peman mwen?
Yo voye deklarasyon fiskal yo pandan mwa Novanm nan chak ane, oubyen tousuit apre sa, apre yo fin sètifye lis fiskal la ba Biwo Pèseptè taks la. Ou ta dwe voye peman konsènan taks sou pwopriyete w ba: Tax Collector, Palm Beach County, P.O. Box 3353, West Palm Beach, FL, 33402-3353. Si ou gen lòt kesyon konsènan fakti taks ou, ou kapab rele Biwo Pèseptè taks la nan 561-355-2266.

Si mwen voye taks mwen nan lapòs pandan dènye jou mwa a, èske m ap toujou resevwa bon diskont la ki endike sou deklarasyon fiskal la?
Si w ap peye taks ou pandan ou gen estati aktyèl la, ki vle di ant novanm ak mas, dat ki ekri sou so lapòs la valab. Si dènye jou nan mwa a tonbe pandan yon jou ferye, n ap aksepte peman ou toutotan dat ki ekri sou so lapòs la ki sou anvlòp la endike jou ki vini tousuit apre jou ferye a. Sa aplike sèlman si w ap peye pandan ou nan estati aktyèl la (depi novanm rive mas). Apati 1 avril, pou chak ane fiskal taks yo vin an soufrans. Dat ki make sou so lapòs la pa kapab aplike depi taks yo konsidere an soufrans (an reta). Pandan estati an soufrans lan, peman an dwe rive nan Biwo Pèseptè taks la (li pa kapab nan lapòs sèlman) pandan dènye jou ouvrab mwa sa a anvan 5:00 p.m. Apati 1 avril, pou chak ane fiskal peman an dwe efektye ak fon ki sètifye. (Nou pa p aksepte chèk pèsonèl apati 1 avril nan chak ane.)

Kilè aplikasyon konsènan Plan peman pa tranch (Plan altènatif) la pral disponib pou piblik la?
Yo te mete aplikasyon yo nan avi taks orijinal la epi yo disponib nan kèlkeswa Biwo Pèseptè taks la ki nan Palm Beach County oubyen ki anliy koumanse Novanm rive Avril pou chak ane fiskal. Dat limit pou depoze aplikasyon an se 1ye Me. Taks yo dwe omwen $100 pou kapab patisipe nan plan altènatif trimestriyèl sa a. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon.

Kisa ki to diskont la si mwen peye taks mwen bonè depi mwen resevwa yo nan lapòs?

  • Si ou peye taks ou an Novanm, w ap resevwa yon diskont 4% sou montan mwa Mas la.
  • Si ou peye an Desanm, w ap resevwa yon diskont 3% sou montan Mas la.
  • Si ou peye an Janvye, w ap resevwa yon diskont 2% sou montan Mas la.
  • Fevriye, w ap resevwa yon diskont 1% sou montan Mas la.
  • Nan mwa Mas yo pa p ofri okenn diskont.
  • 1 avril, taks yo an soufrans epi se lajan ki sètifye sèlman yo aksepte pou peye taks yo (yo pa aksepte chèk pèsonèl ankò).

Èske mwen kapab peye taks mwne ak kat kredi oswa ak chèk elektwonik?
Ou kapab peye Taks sou pwopriyete ki deja egziste yo anliy sou entènèt si ou bay enfòmasyon kat kredi w. Ou dwe gen nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye w epi ou dwe suiv enstriksyon ki afiche sou ekran an. Ou kapab peye tou nan telefòn si ou rele nan 561-355-2266, prese opsyon meni #3 (kontribyab la dwe ekri ak touch telefòn yo nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye a, nimewo kat kredi a). Lòt fòm peman ki aksepte se: kach, chèk oubyen transfè bankè nan estati aktyèl ane fiskal la (novanm pou mas). Apre 1 avril, ou kapab peye sèlman ak lajan KACH, MANDA, CHÈK KI SÈTIFYE, TRÈT BANKÈ, VIRMAN POSTAL OZETAZINI, CHÈK BANKÈ oubyen transfere lajan an ba labank ou.

Ki enstriksyon virman mwen ta dwe bay, si mwen vle transfere lajan pou peye taks yo ki soti nan bank mwen rive nan bank pa w?
Nou aksepte transfè bankè pou peman taks aktyèl ak taks ki an soufrans yo.Pou kapab konplete yon transfè bankè, tanpri kontakte nou pa imèl nan taxwires@pbcgov.com.

Mwen fèk resevwa yon avi rapèl, men mwen te voye chèk la ba w an novanm. Kisa ki rive?
Li posib chèk ou te pou yon lòt kalite taks, tankou taks sou byen mèb, taks pwofesyonèl oubyen renouvèlman veyikil amotè. Si ou an posesyon chèk ki te anile a, pral gen nimewo validasyon ki make sou do li. Tanpri voye nou pa imèl yon kopi devan ak dèyè chèk ki anile a, pou nou kapab fè rechèch pou konnen ki kote yo te afekte peman an. Petèt chèk la te pèdi nan lapòs. Si se sa ki te rive epi chèk la pa t rive nan bank ou, montan ki sou avi rapèl la malerezman pral kontinye valab.

-anlè-

Lòt kesyon

Mwen ta renmen resevwa yon kopi resi peye pou ane fiskal ki deja pase yo. Mwen ta renmen konnen tou kimoun ki te peye taks sa yo.
Ou dwe fè demann ou alekri. Si w apmande yon kopi yon resi ki deja peye epi ou pa pwopriyetè a, w ap dwe peye yon chaj sèvis $2.00. Si ou mande enfòmasyon an pou konnen kimoun ki te peye taks yo, epi ou pa pwopriyetè a, w ap dwe peye yon chaj sèvis $4.00. Sèvis sa a koute .15 santim pou chak paj pou pwopriyetè yo (men yo pa p faktire okeen chaj si montan mwens pase $1.00/6 fèy).

Kijan mwen kapab jwenn enfòmasyon sou yon pasèl teren, si mwen gen adrès la sèlman?
Kontakte Biwo estimatè byen yo; ba yo adrès fizik pwopriyete a. Mande Biwo Estimatè byen a nimewo kontwol repèrtwa byen imobilye a. Biwo nou (Biwo Pèseptè taks la) pral kapab reponn kèlkeswa kesyon osijè taks ou ta renmen poze depi ou endike nimewo kontwol repèrtwa imobilye a.

Mwen fèk achte yon pwopriyete epi ansyen pwopriyetè a te anrejistre nan peman pa tranch lan. Ansyen pwopriyetè a te fè peman pou mwa Jen an. Mwen genyen yon kont tyè ki afekte pou peman taks sèlman epi mwen ta renmen anpil pou ou anile plan peman pa tranch lan. Ki enfòmasyon ou bezwen pou sa?
Sèl fason yon kontribyab kapab anile plan peman pa tranch lan se pou pa peye (premye) peman pa tranch pandan mwa Jen an. Si ou peye premye peman pa tranch pandan mwa Jen an, pa gen okenn mwayen pou wete w nan plan peman pa tranch lan jiska pwochen ane fiskal la. Kontakte konpayi ipotèk ou pou yo kapab enfòme w kijan yo pral aji ak peman taks yo.

Mwen se yon moun ki fèk achte yon pwopriyete epi mwen poko janm resevwa yon fakti taks. Pouki sa?
Yo te siman voye avi taks orijinal la ba ansyèn pwopriyetè a. Si se pa t ou ki te mèt byen an anvan sètifikasyon lis fiskal la, Biwo Estimatè byen a petèt pa resevwa okenn notifikasyon konsènan chanjman nan idantite pwopriyetè a sou tit la atan pou kapab fè koreksyon an sou avi taks la. Nou ta kontan voye w yon kopi avi taks la oubyen ou kapab enprime youn sou sit wèb nou.

-anlè-

 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >