|
Kontribyab yo kapab peye taks sou pworpriyete yo pa tranch. Pou kapab patisipe nan plan peman pa trnach lan, kontribyab la dwe ranpli yon Aplikasyon pou peman pa tranch epi estimasyon taks li dwe yo dwe plis pase $100. Tanpri voye aplikasyon w ki tou ranpli ba:
Palm Beach County Tax Collector P.O. Box 3715 West Palm Beach, FL 33402-3715
Aplikasyon pou Plan peman pa tranch lan se pou taks ane pwochèn yo sèlman. Kontribyab yo dwe voye aplikasyon an ba Pèseptè taks la anvan 30 Avril epi yo dwe efektye premye peman an anvan 30 Jen fin pase.
Kontribyab la pral anrejistre ofisyèlman nan plan peman pa tranch lan lè li fè premye peman an anvan datlimit Jen an. L ap blije kontinye patisipe pou tout ane fiskal la. Renouvèlman anyèl la fèt otomatikman touotan kontribyab la fè peman pou mwa Jen an chak ane.
Yon kontribyab ki chwazi metòd peman pa tranch lan peye sou baz yon estimasyon taks ki egal a taks reyèl li te peye ane dènyè. Men plan peman ki dekri annapre:
- 1ye tranch - Peyab anvan 30 Jen: 1/4 nan estimasyon taks total ki diskonte 6%.
- 2yèm tranch - Peyab anvan 30 septanm: 1/4 estimasyon taks total yo ki jwenn yon diskont 4.5%.
- 3yèm tranch - Peyab anvan 31 desanm: 1/4 nan estimasyon taks total yo plis 1/2 nan kèlkeswa ajisteman pou dèt fiskal reyèl ki diskonte 3%.
- 4yèm tranch - Peyab anvan 31 mas: 1/4 estimasyon taks total plis sa ki rete nan ajisteman pou dèt fiskal ki deja egziste.
Kontribyab la pral resevwa de avi ki sote nan Biwo Pèseptè taks la. Chak avi pral genyen de koupon peman w ap dwe voye ansanm ak peman pa tranch ou. Avi yo pral rive nan lapòs youn pandan mwa Jen ak lòt la pandan mwa Desanm.
Ou dwe peye tout peman pa tranch ki an reta yo nèt lè w ap peye pwochen peman pa tranch la. Y ap trete tout rès lajan ki rete pou peye lè dat 1 avril rive tankou peman ki ansoufrans (an reta).
|