Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Avi ba tout kontribyab yo
Taks sou pwopriyete imobilyè
Taks sou byen mèb kòporèl
Taks ki an soufrans (an reta)
Sètifika taks yo
Akt adjidikasyon yo
Repò fiskal Homestead
Sikl taks sou pwopriyete a
Pou kapab konprann avi taks ou
Opsyon peman
Plan peman pa tranch
Pwosedi peman ki pa kòrèk
Chanjman adrès
Kesyon yo mande anpil
Siveyans taks nan katye (Neighborhood Tax Watch)
Fòm yo
Lyen ki itil
Peman pa virman telegrafik
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Byen >

Opsyon peman pou taks sou pwopriyete yo

Enfòmasyon sou plan peman pa tranch

Ou kapab peye taks sou pwopriyete ak metòd ki dekri annapre yo:

1. Avèk kat kredi - sou sit wèb la oubyen nan telefòn

  • Ou kapab sèvi ak MasterCard, Visa, Discover oswa American Express
  • N ap faktire w yon chaj sèvis 2.2% sou montan an.
    Klike la pou ale sou sant peman anliy nou.
  • Ou kapab peye nan telefòn lè ou konpoze (561) 355-2266 epi suiv enstriksyon ki apwopriye yo.
  • Akòz yon limit lajan konpayi kat kredi yo te fikse, nou pa kapab aksepte okenn peman ki plis pase $99,999.99.

2. Avèk yon chèk elektwonik (E- check) - sou sit wèb la

  • E-Check se yon transfè lajan elektwonik ki wete lajan, selon montan peman an, dirèkteman nan kont bankè kontribyab la. N ap aksepte yon E-Check sèlman si chèk la tire sou yon kont bankè Ozetazini (U.S.) epi si li peyab an dola ameriken.
  • Pa gen okenn chaj adisyonèl ki aplike sou peman pa chèk elektwonik (E-check) yo.
  • Klike la pou ale nan sant peman sou entènèt nou..

3. Avèk yon chèk - nan lapòs

  • Peman yo dwe fèt an dola ameriken.
  • Fè chèk yo ba: Tax Collector, Palm Beach County
  • Peye montan ki endike nan blòk la, ki nan pòsyon anba a, pou MWA pouki w ap fè peman an. Klike la pou kapab jwenn yon eksplikasyon konsènan avi taks ou.
  • Ekri dat ki kòrèk yo (n ap revoye tounen tout chèk ki postdate).
  • ***Siyen chèk la*** (si w ap voye l nan kourye lapòs)
  • Sèvi ak anvlòp retou a ki vini ak avi taks ou pou voye tounen pòsyon anba avi taks la ansanm ak chèk la.
  • Pòsyon ki anlè avi taks la ak chèk yo te anile a oubyen enprime konpitè a pwodui pral sèvi kòm resi.
  • Nimewo kontwòl repèrtwa byen imobilye an (PCN) ta dwe ekri sou chèk yo.
  • Voye peman yo ba: Tax Collector, Palm Beach County, P.O.Box 3353, West Palm Beach, FL, 33402-3353.

4. Peman pa virman telegrafik

Nou aksepte transfè bankè pou peman taks aktyèl ak taks ki an soufrans yo.Pou kapab konplete yon transfè bankè, tanpri kontakte nou pa imèl nan taxwires@pbcgov.com.

 

 
Dènye nouvèl yo

Annons:
Koumanse 26 septanm 2008 Inite mobil la pral sispann fonksyon nan Jupiter Kontinye li>

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >