Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Avi ba tout kontribyab yo
Taks sou pwopriyete imobilyè
Taks sou byen mèb kòporèl
Taks ki an soufrans (an reta)
Sètifika taks yo
Akt adjidikasyon yo
Repò fiskal Homestead
Sikl taks sou pwopriyete a
Pou kapab konprann avi taks ou
Opsyon peman
Plan peman pa tranch
Pwosedi peman ki pa kòrèk
Chanjman adrès
Kesyon yo mande anpil
Siveyans taks nan katye (Neighborhood Tax Watch)
Fòm yo
Lyen ki itil
Peman pa virman telegrafik
Biznis
Veso/Bato yo
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Byen >

Taks sou pwopriyete imobilyè

Apèsi pwosesis la
Se Pèseptè taks la ki prelve taks sou pwopriyete yo. Mèt pwopriyete yo peye taks sou pwopriyete imobilyè chak ane. Montan yo takse yon pwopriyete fikse selon de eleman. Premyèrman, Estimatè byen estime valè pwopriyete a 1 janvye chak ane. taks ad valorem Estimatè byen a sètifiye lis taks ad valorem la ba Pèseptè taks la.  Konsèy Komisè County a, Konsèy lekòl, Komite lavil ansanm ak lòt òganizasyon ki prelve taks ad valorem fikse to mileaj yo pou pwopriyete ki andedan jiridiksyon yo. Taks ad valorem yo baze sou valè pwopriyete w miltipliye pa to mileaj divès otorite ki prelve taks te fikse. evalyasyon ki pa ad valorem Konsèy administrasyon lokal yo sètifiye lis estimasyon taks ba Pèseptè taks la, sètadi Ajans pou dechè solid ak distrik kontwòl dlo yo.  Evalyasyon ki pa ad valorem baze sou kou sèvis otorite k ap prelve taks yo ap founi, pa sou valè byen an.

Estimatè byen an voye Avi konsènan Taks ki pwopoze sou byen an (yo konn rele l tou Laverite nan mileaj oubyen Avi TRIM) nan mwa dawout. Avi TRIM la se pa yon fakti li ye. Klike la pou kapab wè yon echantiyon Avi TRIM. Avi TRIM yo endike:

  • Estimasyon taks ou
  • Egzanpsyon ou
  • Otorite fiskal ki kapab prelve taks sou byen ou
  • Avi sou odyans piblik
  • Enfòmasyon sou kijan pou konteste valè pwopriyete w

Pèseptè taks la voye Avi taks sou pwopriyete a nan lapòs 1ye novanm konsa. Klike la pou kapab wè yon echantiyon Avi taks. Yo kapab ranmase taks sa yo soti 1ye novanm rive 31ye mas.

Seksyon 197.122, Konstitisyon Eta Florid, spesifye tout pwopriytè byen yo gen obligasyon konnen montan taks yo dwe yo epi yo dwe peye anvan dat yo konsidere yo an reta.  Sa ki vle di si yo pa resevwa yon fakti taks, sa pa vle di moun lan pa bezwen peye taks oubyen enterè adisyonèl ak chaj, ki enpoze 1ye avril lè taks yo an reta. Apre 1ye avril, y ap ajoute yon chaj enterè 3% epi y ap ajoute frè piblisite sou montan lajan ki dwe a.

Konsilte taks sou pwopriyete w epi peye anliy sou entènèt

Yo akòde diskont sou peman jan sa dekri annapre:

  • 4% an novanm
    • oubyen anvan 30 jou fin pase lè yo voye avi a nan lapòs si yo pa t voye l anvan 1 novanm
  • 3% an desanm
  • 2% an janvye
  • 1% an fevriye

Se dat ki sou so lapòs lè ou t al voye peman an ki detèmine diskont lan. Mentou, montan ki dwe sou yon peman ki ansoufrans detèmine sou baz dat yo te resevwa peman an, pa sou baz dat ki ekri sou so lapòs la.

 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >