|
Se Konsèy Komisè County a ki anplwaye Pèseptè taks la pou kolekte Taks pou Devlopman tourism la.
Enfòmasyon ki enpòtan konsènan Taks pou Devlopman tourism la:
- An 2007, nou te kolekte 26.8 milyon nan taks pou devlopman tourism nan Palm Beach County.
- Tout moun ki lwe oubyen gen yon kontra lokasyon sou yon lojman pandan yon peryòd sis mwa oubyen mwens nan Palm Beach County dwe peye yon Taks pou Devlopman tourism.
- Se pwopriyetè ak operatè etablisman sa yo ki prelve epi ki remèt taks sa a ba Pèseptè taks la.
- Taks pou Devlopman tourism la ranfòse ekonomi lokal la anske li kreye djòb, li amelyore enviwònman an epi li ede sipòte evenman kiltirèl yo. Revni taks pou tourism la distribye pou pwogram sila yo: Pwomosyon tourism, Boza, Restorasyon plaj la, Aktivite kiltirel ki pa Bozas (Mize, Zoo, Historical Society), Komite espòtif, Etablisman pwofesyonèl espòtif ak Komite pou film ak televizyon
|