Kisa taks pou Devlopman tourism ye? Taks pou devlopman tourism se yon chaj 5% sou revni lokasyon pou yon dire ki sis mwa oubyen mwens. Taks sa a vin ajoute sou taks sou lavant Eta a faktire (6.5% nan Palm Beach County). Taks sou lavant Eta a faktire a rezève pou Depatman revni Eta Florid. Taks 5% pou devlopman tourism lan rezève pou Pèseptè taks Palm Beach County a.
Ki kote lajan an prale? Itilizasyon revni ki kolekte grasa Taks pou Devlopman tourism lan regile atravè Lwa Eta a (F.S. 125.0104), ki mande pou tout lajan plase nan fon afektasyon espesyal couny a genyen pou devlopman tourism nan county kote lajan an soti.
Kimoun ki dwe peye? Kèlkeswa pansyonè a ki rezide pandan yon peryòd sis (6) mwa oubyen mwens nan yon etablisman ki sitye nan Palm Beach County.
Konbyen fwa yo dwe peye taks yo? Taks sa yo peyab apati 20yèm jou nan mwa ki suiv mwa lè yo te kolekte lajan an. Yo konsidere peman yo kòm an reta si pa gen so lapòs ki gen dat {20yèm jou nan mwa suivan an. Pa egzanp Deklarasyon fiskal pou mwa Janvye dwe genyen so lapòs ki endike yon dat ki pa pi ta pase 20 fevriye pou yo kapab konsidere li pa anreta.
Kisa pwopriyetè ak reprezantan etablisman akoutèm sa yo resevwa pou kolekte taks nan men kliyan yo? Yon endeminite pèsepsyon 2.5% taks kolekte a lè deklarasyon taks la depoze san reta. Gen yon endeminite pèsepsyon maksimòm ki $30. Endeminite pèsepsyon se konpansayon poutèt ou te byen kenbe dosye yo, ou te fè bon kontabilite epi ou te remèt taks yo alè.
Ki pansyonè ki benefisye egzanpsyon total taks sa a? Lokatè ki te siyen yon kontra lokasyon an tout bòn fwa pou plis pase sis (6) mwa pa bezwen peye taks la. Si pa gen okenn lokasyon, lokatè yo ki te peye Taks pou Devlopman tourism la pandan premye sis mwa yo pa p bezwen peye setyèm mwa epi yo p ap bezwen peye ditou pandan tout tan yo abite nan menm kote a. Kèlkeswa moun lan ki egzanpte e ki pa bezwen peye Taks Eta a sou lavant pa p bezwen peye Taks pou Devlopman tourism la nonplis.
Si mwen lwe ba yon rezidan Eta Florid oswa yon rezidan Palm Beach County, èske mwen dwe prelve Taks pou Devlopman tourism nan men yo si se pa moun depasaj yo ye? Wi, taks sa a aplikab pou tout envite ki lwe yon lojman pandan sis mwa oubyen mwens, kèlkeswa si yo rezidan oubyen yo pa rezidan nan Eta Florid oubyen nan Palm Beach County.
Mwen pèmèt zanmi m ak fanmi m itlize pwopriyete mwen an pandan tout ane a. Èske mwen sipoze kolekte Taks pou Devlopman tourism nan men yo? Si ou kolekte lajan lwaye nan men yo, oubyne si ou aksepte nenpòt ki lòt fòm konpansasyon olye lajan lwaye, ou dwe deklare sa nan biwo nou pou kapab kolekte epi remèt taks la, sou labaz montan lwaye ou te resevwa a, oubyen sou valè ekitab sou mache konpansansyon ou te resevwa alaplas lajan lwaye.
Se yon reprezantan imobilyè ki toujou okipe lokasyon pwopriyete mwen. Èske mwen bezwen aplike pou yon Kont Taks pou Developman tourism epi mwen dwe voye deklarasyon fiskal chak mwa? Reprezantan lokasyon an ta dwe geneyn pwòp nimewo kont pa li pou rapòte pwopriyete an lokasyon li yo. Mentou, ou ta dwe konnen antan mèt pwopriyete a, se ou ki responsab an dènyè lye pou taks obligatwa a peye sizoka reprezantan lokasyon an pa peye.
Èske mwen bezwen soumèt yon deklarasyon fiskal menmsi mwen pa dwe okenn taks? Wi, lejislasyon Eta Florid mande pou yo depoze yon deklarasyon fiskal pou chak peryòd koleksyon, menmsi pa gen okenn taks ki dwe pou peryòd sa a. Y ap faktire yon deklarasyon fiskal ki anreta yon penalite minimòm $50.00, menmsi pa okenn taks ki dwe.
Ki kalite remèd Pèseptè taks genyen si yon moun ta vyole lalwa epi pa kolekte Taks pou Devlopman tourism jan sa mande, oubyen si li kolekte Taks pou Devlopman tourism epi li pa remèt li? Nan pami lòt remèd lejislasyon an prevwa, yo kapab emèt yon manda y ap depoze nan Palm Beach County Official Records (Dokiman ofisyèl Palm Beach County), pou mete yon privilèj sou pwopriyete imobilyè oubyen byen mèb kòporèl oswa toulede alafwa nan Palm Beach County.
Ki dosye mwen dwe kenbe? Kèlkeswa biznis ki okipe lojman envite/lokatè/moun depasaj responsab pou kenbe dokiman tankou chèk kliyan yo, jounal kontab jeneral, peman taks ak deklarasyon enpo federal sou revni. Ou dwe kenbe tout dosye konsènan taks pou devlopman tourism pandan senk an epi yo dwe disponib pou lè gen verifikasyon sou lye kote w ap fè biznis ou.
Si mwen lwe pwopriyete mwen, ki lòt bagay mwen ta dwe è? *Taks sou byen mèb kòporèl anplis de kolèk 5% taks tourism la ak taks Eta a sou lavant 6.5%, yon pwopriyetè dwe peye taks sou pwopriyete byen mèb kòporèl chak ane sou valè amenajman pou lokasyon yo. Yo dwe soumèt yon deklarasyon chak ane devan Biwo Estimatè byen an ki deklare valè amenajman ak aparèy yo. Si ou gen kesyon sou kijan pou soumèt yon deklarasyon fiskal sou byen mèb, ou kapab rele Biwo Estimatè byen yo dirèkteman nan (561)355-2896. *Taks pwofesyonèl Si inite lokasyon disponib pou lwe pandan yon mwa oswa mwens grenn pa grenn, pwopriyetè a dwe achte yon Resi taks pwofesyonèl nan Biwo Pèseptè taks la. Chaj y ap faktire w pou pèmi pwofesyonèl la se $1.64 par chanm a kouche avèk yon minimòm $27.50. Si pwopriyete w sitye andedan lavil la, petèt w ap bezwen tou yon pèmi pou lavil. Kontakte meri a pou jwenn plis enfòmasyon.
E si mwen vann pwopriyete mwen oubyen si mwen deside pa lwe li ankò? Si ou vann oubyen ou pa lwe pwopriyete a ankò, tanpri avèti Pèseptè taks la ansanm ak Estimatè byen an san pèdi tan.
-anlè-
|