|
Pèseptè taks Palm Beach County se tankou si se te yon ajan Depatman sekirite otowout ak veyikil motorize Eta Florid li te ye. Biwo nou responsab pou delivrans tit ak anrejistreman tout veyikil morotize ki ni komèsyal ni prive.
Enfòmasyon enpòtan sou Anrejistreman veyikil yo:
- Pèseptè taks la te anrejistre 43,000 veso nan Palm Beach County pandan ane 2007.
- Tout veso dwe gen yon tit pwoprieyete epi yo dwe anrejistre anvan yo kapab mete yo nan tout kalite dlo ki nan Eta Florid yo.
- Chaj pou delivrans tit pwopriyete pa menm ak chaj anrejistreman yo.
- Ou dwe anrejistre tout remòk veso yo.
- Chaj pou anrejistreman veso yo fikse anfonksyon longè kòk bato a.
- Anrejistreman an valid jiska minui jou dat danivesè pwopriyetè bato a epi ou kapab renouvle li chak ane.
- Palm Beach County sèvi ak yon pòsyon nan chaj yo pou amelyore kalite dlo ki touotou kote moun konn peche (pèchri lokal).
|