Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Biznis
Veso/Bato yo
Transfè tit FL
Ki te anrejistre anvan nan yon lòt Eta
Sètifika fabrikan/Deklarasyon orijin
Veso ki anrejistre nan nivo federal
Moun k ap sejoune
Nimewo anrejistreman yo
Avi vant
Opsyon peman
Kesyon yo mande anpil
Fòm yo
Lyen ki itil
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Veso yo >

Kesyon yo mande anpil osijè veso yo


Èske mwen bezwen anrejistre veso mwen nan Eta Florid?
Nènpòt ki lè, lè ou vle kondui yon veso nan vwa navigab Florid yo, fòk veso w genyen yon imatrikilasyon ofisyèl ki make sou veso a. Yo afiche imatrikilasyon veso an kòm prèv veso an te enrejistre nan Eta Florid.

Achtè yon nouvo veso gen 30 jou pou aplike pou anrejistreman ak tit lan devan biwo pèseptè taks county a. Pandan peryòd de gras 30 jou sa a, pwopriyetè a dwe genyen andedan bato a yon akt vant ki make dat lè li te achte bato a.

Eta Florid rekonèt sètifika imatrikilasyon ki valab ak nimewo ki delivre ba navigatè ki pa rezide nan Eta a pou yon peryòd 90 jou. Yon pwopriyetè ki gen entasyon sèvi ak veso li nan Florid pou plis pase 90 jou dwe anrejistre li devan yon pèseptè taks nan county a. Mentou, li kapab kenbe nimewo imatrikilasyon andeyò Eta a si li prevwa l ap retounen nan Eta li apre yon sèten peryòd tan ki rezonab. Gen lòt enfòmasyon sou rezidan yo ki disponib nan http://www.hsmv.state.fl.us/dmv/faqboat.html.

Kijan mwen anrejistre veso mwen? Konbyen sa va koute mwen?
Prezante yon prèv ou se pwopriyetè a ki akseptab (Sètifika tit, Akt vant) ba biwo pèseptè taks la. Gen nouvo enfòmasyon pou moun ki fèk rive nan Eta Florid nan http://www.hsmv.state.fl.us/dmv/faqboat.html.

Kou total pou imatrikilasyon an fikse selon dimansyon kòk veso a, itilizasyon li, si yo dwe fè yon Sètifika Tit ansanm ak lòt faktè toujou. Vizite http://www.hsmv.state.fl.us/dmv/vslfacts.html#13 pou yon anèks gratis ki kapab itil pou estime kou imatrikilasyon yon veso.

Pouki sa mwen bezwen yon sètifika tit?
Se prèv ki rekoni ofisyèlman ki endike ki moun ki pwopriyetè. Yo dwe endike pwopriyetè a sou yon Sètifika Tit ki fèt nan Eta Florid anvan yo kapab imatrikile yon veso nan Eta Florid *.

Enfòmasyon ki idantifye yon veso espesifik ak non pwopriyetè li dwe make sou Sètifika Tit la. Lè pwopriyetè veso chanje apre yon vant, yon kado, yon akò asirans, yon tèks lejislatif, elatriye, moun k ap fè tranzaksyon an dwe ranpli Sètifika Tit la pou pwouve transfè pwopriyete a soti yon moun anfavè yon lòt moun.

Nouvo pwopriyetè a dwe prezante Sètifika Tit ki te transfere a ba pèseptè taks la pou yo kapab fè yon nouvo dokiman ki endike non nouvo pwopriyetè a. Si transfè tit la te fèt apre yon vant, y ap prelve taks sou vant lan lè nouvo pwopriyetè a fè demann aplikasyon an pou Sètifika Tit la.
*Nou pa aksepte veso ki imatrikile onivo federal.

Ki kote mwen dwe aplike pou yon tit pou veso mwen fèk achte a?
Pwopriyetè veso a dwe depoze aplikasyon yo pou imatrikilasyon veso ak sètifika tit yo (oriino ak kopi) devan pèseptè taks county a nan county a kote veso a sitye oubyen nan county a kote mèt veso a rezide.
 
Konbyen jou mèt yon nouvo veso dwe imatrikile li?
Achtè yon nouvo veso gen 30 jou pou aplike pou anrejistreman ak tit lan devan biwo pèseptè taks county a. Pandan peryòd de gras 30 jou sa a, pwopriyetè a dwe genyen andedan bato a yon akt vant ki make dat lè li te achte bato a.
 
Èske pèsonèl militè pa bezwen imatrikile veso yo nan Eta Florid?
Sètifika ak nimewo imatrikilasyon andeyò Eta Florid pou veso pèsonèl militè genyen pandan yo nan sèvis aktif an Florid ap rete valab jiska dat ekspirasyon yo. Apre sa, yo dwe anrejistre yo epi fè yon dokiman tit pou yo nan Eta Florid pou moun kapab sèvi avèk yo nan vwa navigab ki nan Eta Florid yo.

Mwen itilize yon pwoilsè elektrik sèlman lè mwen sèvi ak bato mwen ki fè 12 pye nan kanal ki dèyè lakay mwen. Èske mwen dwe anrejistre bato mwen?
Wi, tout veso ki navige sou vwa navigab piblik yo kèlkeswa motè yo genyen dwe imatrikile ak anrejistre.
 
Si vandè yon veso te ekri tout pri vant bato a, remòk ak motè a tankou pri vant sou ransfè pòsyon tit veso y ap transfere, èske nouvo pwopriyetè a dwe peye taks vant sou tout montan lajan an?
Wi, ou dwe peye taks sou vant lan pou montan ki endike sou tit la, sof si gen yon akt vant ki dekri atik pa atik ki montre pri chak eleman greeman an ki vini ak aplikasyon an. Nan ka sa a, pwopriyetè a ta blije peye taks vant lan sou bato ak sou remòk la sèlman.
 
Mwen pral pase vakans mwen an Florid pandan peryòd mwa dete yo. Èske mwen dwe anrejistre veso mwen isit?
Eta Florid rekonèt sètifika imatrikilasyon ki valab ak nimewo ki delivre ba navigatè ki pa rezide nan Eta a pou yon peryòd 90 jou. Yon pwopriyetè ki gen entasyon sèvi ak veso li nan Florid pou plis pase 90 jou dwe anrejistre li devan yon pèseptè taks nan county a. Mentou, li kapab kenbe nimewo imatrikilasyon andeyò Eta a si li prevwa l ap retounen nan Eta li apre yon sèten peryòd tan ki rezonab.
 
Mwen bezwen aplike pou yon kopi eksprès tit veso. Kisa mwen bezwen fè?
Pwopriyetè veso an dwe ranpli yon aplikasyon pou yon kopi tit li epi li dwe soumèt li epipeye yon chaj $11 ba biwo pèseptè taks la. Y ap trete aplikasyon an epi y ap voye yon kopi tit la pa lapòs anvan 5 ou ouvrab fin pase apati de jou yo te resevwa aplikasyon an. Klike la pou jwenn plis enfòmasyon.
 
Èske mwenn bezwen anrejistre ak posede yon tit pou yon veso ki pa gen motè?
Si veso san motè a gen mwens pase 16 pye longè, ou pa bezwen anrejistre li oubyen fè yon tit pou li. Mentou, si veso a gen plis pase 16 pye longè, ou dwe fè yon tit pou li.
 
Kisa achtè yon veso ta dwe fè si li pa kapab kontakte pwopriyetè ki sou tit la pou jwenn sètifika tit lan oubyen yon akt vant ki ekzekite?
Avèti Depatman Eta Florid pou sekirite otowout ak veyikil amotè, Biiwo Tit ak imatrikilasyon alekri kote ou deklare pwoblèm ki egziste a epi ou founi nimewo imatrikilasyon veso a nan Eta Florid. Depatman an pral bay non ak adrès pwopriyetè ki sou tit la ansanm ak tou enstriksyon ki nesesè pou kapab transfere dwa pwopriyete veso a anfavè yon lòt moun.
 
Ki moun mwen ta dwe kontakte osijè egzijans konsènan ekipman sekirite pou veso yo?
Pou kapab jwen enfòmasyon sekirite sou navigasyon, kontakte:
*Komite Eta Florid pou pwoteksyon pwason ak bèt sovaj
Seksyon navigasyon ak vwa navigab Boating and Waterways Section
620 South Meridian Street Tallahassee, Florida 32399
*oubyen nenpòt ki Biwo lokal FWC.

-anlè-

 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Tout biwo Pèseptè taks ap louvri nòmalman jou Mèkredi 20 dawout koumanse 8:15 a.m. rive 5:00 p.m

Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >