|
Veso yo anrejistre devan Gouvènman federal la (Gad kot Etazini) men pa nan Eta endividyèlman. Tout veso ki peze omwen senk tòn, ki ranpli kritè veso komèsyèl yo jan Gad kot Etazini yo defini sa dwe anrejistre nan nivo federal. (Gade annapre pou kapab jwenn adrès ak nimewo telefòn Gad kot Etazini.)
United States Coast Guard National Vessel Documentation Center 2039 Stonewall Jackson Drive Falling Waters, West Virginia 25419 (800) 799-8362
Enfòmasyon ki nan seksyon ki annapre a aplikab a tout veso ki poko janm genyen yon tit.
Ou dwe prezante dokiman sa yo:
- Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou imatrikile yon veso ki pa gen tit HSMV 87244. Tanpri pa bliye anpil fwa yo kite seksyon sila yo vid, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire ou te byen ranpli seksyon sa yo:
- Kopi Sètifika dokimantasyon aktyèl Gad kot Etazini te delivre. Si gen yon diferans ant nimewo idantifikasyon ki sou kòk la (HIN), y ap nesesè pou retrase nimewo a ak yon kreyon pou kapab sètifye li.
- Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
- Yon pèmi chofè machin nan Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
- Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta ak foto sou li.
- Yon paspò Etazini.
- Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
- Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
- Yon paspò yon lòt peyi.
Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >
- Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
- Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la) Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
- County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a
- Si ou te achte veso a pandan dènye sis mwa yo, kèlkeswa taks ou te peye pou yon lòt jiridksyon pral kredite anfavè taks sou vant ou dwe a nan Eta Florid.
Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo Divès faktè detèmine montan chaj konsènan Tit ak imatrikilasyon yo (longè kòk la, longè peryòd imatrikilasyon an, etc.).
| Longè veso a |
Chaj anyèl |
| 1'-11" |
$9.50 |
| 12'-15' |
$20.00 |
| 16'-25' |
$32.00 |
| 26'-39' |
$80.00 |
| 40'-64' |
$128.00 |
| 65'-109' |
$152.00 |
| 110' ak plis |
$188.00 |
|
Chaj ki annapre yo aplikab pou tout tranzaksyon yo trete selon metòd sila yo:
- Anliy sou entènèt: $1.65
- Lapòs: $0.65
- Nan Biwo: $1.00
Ou kapab ranpli tranzaksyn pou tit ou nan nenpòt ki biwo Pèseptè taks la.
|