|
Yon Tit pou yon veso ki gen yon Sètifika dorijin se pou yon veso tou nèf yo te achte andeyò Eta Florid epi ki poko gen okenn tit pwopriyete.
Ou dwe prezante dokiman sa yo:
- Sètifika dorijin orijinal (MCO) fabrikan an te delivre, li te voye achtè a kòrèkteman.
- Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou Sètifika tit HSMV 82040. Tanpri pa bliye anpil fwa yo kite seksyon sila yo vid sou fòm lan, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire ou te byen ranpli seksyon sa yo:
- Seksyon 1: Nimewo pèmi chofè machin Eta Florid mèt veyikil la. Si yo dwe anrejistre veyikil la anba non yon biznis, tanpri ekri Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) la ansanm ak kòd postal 9 chif adrès biznis la.
- Seksyon 7: Seksyon sou enfòmasyon taks sou vant.
- Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
- Yon pèmi chofè machin nan Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
- Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta ak foto sou li.
- Yon paspò Etazini.
- Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
- Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
- Yon paspò yon lòt peyi.
Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >
-
Prèv asirans nan Eta Florid (yon kat asirans pou Eta Florid, yon kontra asirans oubyen yon klasè), oubyen yon Deklarasyon asirans sou sèman nan Eta Florid HSMV 83330.
- Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
- Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la) Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
- County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a
Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo Divès faktè detèmine montan chaj konsènan Tit ak imatrikilasyon yo (longè kòk la, longè peryòd imatrikilasyon an, etc.).
| Longè veso a |
Chaj anyèl |
| 1'-11" |
$9.50 |
| 12'-15' |
$20.00 |
| 16'-25' |
$32.00 |
| 26'-39' |
$80.00 |
| 40'-64' |
$128.00 |
| 65'-109' |
$152.00 |
| 110' ak plis |
$188.00 |
|
Chaj ki annapre yo aplikab pou tout tranzaksyon yo trete selon metòd sila yo:
- Anliy sou entènèt: $1.65
- Lapòs: $0.65
- Nan Biwo: $1.00
Ou kapab ranpli tranzaksyon tit ou nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks la. Y ap pwodui nouvo Sètifika tit la Tallahassee epi y ap voye li ba w nan 2 a 6 semèn.
Si apre 6 semèn ou poko resevwa Sètifik tit ou, tanpri ale nan youn nan biwo nou oubyen klike la pou kapab telechaje Kopi oubyen Tit ki Pèdi nan sikilasyon/Reyatribisyon HSMV 82101.
Sèvis Tit eksprès Si w aksepte peye yon chaj anplis, sèvis Tit eksprès disponib nan tout pèmanan sikisal. Si tout dokiman yo kòrèk (al gade lis konplè tout dokiman ki nesesè yo anlè a), y ap kreye yon Sètifika tit nan biwo a epi l ap disponib apre tranzaksyon an fin fèt. Si moun k ap fè aplikasyon pou tit lan se pa mèt veso lan, aplikan an dwe genyen yon Pwokirasyon oubyen yon Deklarasyon sou sèman ki bay li otorizasyon ki soti nan men pwopriyetè veso la.
Men fòm peman yo nou aksepte yo pou kapab jwenn yon tit eksprès:
- Kach
- Chèk
- Manda
- Chèk labank
|