Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Plan sit yo | Djòb| En Español| In English
Lyen rapid:
Sèvis yo
Veyikil amotè
Byen
Biznis
Veso/Bato yo
Transfè tit FL
Ki te anrejistre anvan nan yon lòt Eta
Sètifika fabrikan/Deklarasyon orijin
Veso ki anrejistre nan nivo federal
Moun k ap sejoune
Nimewo anrejistreman yo
Avi vant
Opsyon peman
Kesyon yo mande anpil
Fòm yo
Lyen ki itil
Devlopman touristik
Lachas ak lapèch
AKÈY > Sèvis yo > Veso yo >

Tit transfè FL pou yon veso

Pake enfòmasyon Telechaje yon pake enstriksyon, tout fòm ki nesesè yo ansanm ak yon lis verifikasyon ki gen dokimantasyon ou bezwen an.

Pake enfòmasyon pou transfè tit pou yon veso nan Eta Florid

Pakè ak enfòmasyon osijè tit akselere

Yon transfè tit pou Eta Florid nesesè lòske yon veso ki anrejistre sou yon tit pwopriyete nan Eta Florid chanje pwopriyetè oubyen dwa pwopriyete yo vin transfere anfavè yon lòt pwopriyetè nan Eta Florid.

Ou dwe prezante dokiman sa yo:

  1. Sètifika Tit Eta Florid ansanm ak seksyon ki rele "transfè tit vandè a fè" ki ranpli kòrèkteman.
  2. Yon Fòm aplikasyon Aplikasyon pou Sètifika tit HSMV 82040. Tanpri pa bliye anpil fwa yo kite seksyon sila yo vid sou fòm lan, kifè yo pa kapab trete aplikasyon an. Tanpri asire ou te byen ranpli seksyon sa yo:
    • Seksyon 1: Nimewo pèmi chofè machin Eta Florid mèt veyikil la. Si yo dwe anrejistre veyikil la anba non yon biznis, tanpri ekri Nimewo Idantifikasyon Anplwayè Federal (FEID) la ansanm ak kòd postal 9 chif adrès biznis la.
    • Seksyon 7: Seksyon sou enfòmasyon taks sou vant.
  3. Yon kopi youn nan prèv idantifikasyon sila yo:
    • Yon pèmi chofè machin nan Eta Florid oubyen yon kat idantite ak foto
    • Yon pèmi chofè machin yon lòt Eta ak foto sou li.
    • Yon paspò Etazini.
    • Yon pèmi chofè machin Kanada, kat didantite oubyen paspò.
    • Yon pèmi chofè machin oubyen yon kad didantite yon Teritwa meriken.
    • Yon paspò yon lòt peyi.

    Tanpri sonje menmsi ou pa bezwen pote yon kopi pèmi chofè machin Eta Florid oubyen yon kat didantifikasyon PA nesesè, li kapab fasilite pwosesis la. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn yon pèmi chofè machin nan Eta Florid >

  4. Prèv asirans nan Eta Florid (yon kat asirans pou Eta Florid, yon kontra asirans oubyen yon klasè), oubyen yon Deklarasyon asirans sou sèman nan Eta Florid HSMV 83330.

  5. Akt vant. Prèv taks vant sou veyikil la te peye, si sa nesesè.
    • Yo prelve taks vant Eta Florid ki 6.0% sou pri vant lan. (Pri vant lan se pri total ou te peye pou veyikil la mwens valè echanj ak repriz la) Lè veyikil la imatrikile nan yon adrès ki sitye nan Palm Beach County, y ap aplike sou premye $5000.00 pri vant lan yon sirtaks vant diskresyonè ½% anplis.
    • County rezidans moun k ap fè imatrikilasyon an detèmine si y ap prelve yon sirtaks diskresyonè adisyonèl lokal. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl, al gade Enfòmasyon konsènan sirtaks diskresyonè sou vant Depatman revni a

Chaj pou Tit ak pou imatrikilasyon yo
Divès faktè detèmine montan chaj konsènan Tit ak imatrikilasyon yo (longè kòk la, longè peryòd imatrikilasyon an, etc.).

Longè veso a Chaj anyèl
1'-11" $9.50
12'-15' $20.00
16'-25' $32.00
26'-39' $80.00
40'-64' $128.00
65'-109' $152.00
110' ak plis $188.00

Chaj ki annapre yo aplikab pou tout tranzaksyon yo trete selon metòd sila yo:

  • Anliy sou entènèt: $1.65
  • Lapòs: $0.65
  • Nan Biwo: $1.00

Ou kapab ranpli tranzaksyon tit ou nan kèlkeswa biwo Pèseptè taks la. Y ap pwodui nouvo Sètifika tit la Tallahassee epi y ap voye li ba w nan 2 a 6 semèn.

Si apre 6 semèn ou poko resevwa Sètifik tit ou, tanpri ale nan youn nan biwo nou oubyen klike la pou kapab telechaje Kopi oubyen Tit ki Pèdi nan sikilasyon/Reyatribisyon HSMV 82101.

Sèvis Tit eksprès
Si w aksepte peye yon chaj anplis, sèvis Tit eksprès disponib nan tout pèmanan sikisal. Si tout dokiman yo kòrèk (al gade lis konplè tout dokiman ki nesesè yo anlè a), y ap kreye yon Sètifika tit nan biwo a epi l ap disponib apre tranzaksyon an fin fèt. Si moun k ap fè aplikasyon pou tit lan se pa mèt veso lan, aplikan an dwe genyen yon Pwokirasyon oubyen yon Deklarasyon sou sèman ki bay li otorizasyon ki soti nan men pwopriyetè veso la.

Men fòm peman yo nou aksepte yo pou kapab jwenn yon tit eksprès:

  • Kach
  • Chèk
  • Manda
  • Chèk labank
 
Dènye nouvèl yo

Atansyon:
Tout biwo Pèseptè taks ap louvri nòmalman jou Mèkredi 20 dawout koumanse 8:15 a.m. rive 5:00 p.m

Pwopriyetè veso: Enfòmasyon enpòtan. Pran plis enfòmasyon >

Misyon nou:
Biwo Pèseptè taks Palm Beach County kolekte e distribye taks, frè ak revni pou benefis kominote nou.

Valè nou:
Travay ann ekip, aprantisaj, entegrite, pwofesyonalism, kominikasyon, divèsite, kreyativite ak responsabilite fiskal.

Vizyon nou:
Antan yon òganizasyon de klas entènasyonal, nou kontan travay ansanm avèk ou pou kreye e founi estanda ekselans sèvis ki trè wo.

Lejislasyon konsènan taks imobilye:
Elektè Eta Florid yo apwouve Refòm osijè Taks imobilye grasa Amannman 1 jou 29 janvye 2008.Li tout atik la konsènan nouvo egzanpsyon taks ak limitasyon estimasyon yo>

Biwo Pèseptè taks Gouvènman transparan Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>

Enfòme w!
Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.
Nou bay opinyon w anpil enpòtans.

Nou ta renmen tande pale de w. Di nou sa w panse >